Accessibility links

Breaking News

Frans Football Publiye Lis 50 Kandida pou Detèmine Meyè Jwè kap Evolye sou Kontinan an


Football

Golden Ball Jounal spòtif fransè Frans Football publiye lis 50 kandida pou pri 51e edisyon balon dò Eropeyen an. Gen 11 franse ak 7 Italyen ki figure nan lis la. Pami konkuran yo detantè trofe a Ronaldhino, Thierry Henry, SAmuel Eto’o. Gen 6 Alman, 5 Angle, 4 Brezilyen, 4 Espayòl, 3 Pòtugè, 2 Arjanten. Ostrali, Ukrèn, la Oland, Mali. Kot Divwar, Gahna, cameroun, Ekwatè yo chak genyen yon kandida. 47 kandida te patisipe nan koup du mond FIFA ki sot dewoule an Almay. Fòk nou tann 28 novanm pounn konnen suksè Ronaldinyo si se pa Ronaldinyo li-menm.

Bouyon boul an ewòp semèn sa-a : Dabò ak Lig dè chanpyon Eropeyen an jodi nan okazyon 3e jounen faz gwoup-la avèk rankont nan gwop E, F, G, H. Gwo tenò au rande-vou : Match far jounen-an rete duèl ant Chelsea ki numewo 1 nan chanpyona anglè-a e ki gen sèvis Ivwaryen Didier Drogba ; e Barselòn, lidè Liga-a ap gen sèvis supèr brezilyen Ronaldinho.

Klub Franse Lyon kap rankontre ak Dinamo de Kiev dwe ranpòte la viktwa s il vle kalifye pou 8 tièm de final konpetisyon an aloske Lille trouve nan yon pozisyon kote li bezwen yon viktwa fas ak AEK dAtèn si yo vle panse a kalifikasyon. Real Madrid ki sot pèdu dènye match-li nan Liga-a ap jwe deplasman lakay Steau Boukarès. Hambourg ak Porto ap jwe tou yon kankont kapital pou avni-yo nan konpetisyon-an. Arsenal ap jwe nan Moskou , Milan AC a Bruseel an Bèljik kont Anderlect . An palan de Hambourg, enben klub sa-a kap jwe nan Boundechliga-a ann Almay, gen pou-l peye yon amand 20 mil euro pou movèz konduit fanatik-yo 23 septanm dènye nan match kont Verder de Breme. Hambourg twouve-l avan dènye nan Boundechliga-a .

Tennis

Fransè Gael Monfils ak Sébastien Gros-Jean elimine nan seri dè mèt Madrdid-la. Nan okazyon 2e tou-a Ameriken Anddy Roddick (6) elimine Grosjean an 2 sèt : 6-4, 7-6. Monfils abandone devan slovak Dominik R-Bary alòs ke li te finn ranpòte premye sèt-la 6-3. Li pran yon chòk nan cheviy dwat. nap siyale tou kalifikasyon espayòl Tommy Robredo ki fini konpetisyon-an pou ajanten Juan Ignacio Chela nan 2 tie-break.

Nan Zurick , Tatiana Golovin kalifye pou 2e tou apre li kouri ak tchèk Nicole Vaidisova : 2 sèt a 0 : 6-2, 6-0 . Nan 2e tou-a fransèz ap rankontre ak rus Maria Kirilenko ki elimine yon pitit kay, suisès Emmanuelle Gagliardi . Kalifikasyon pou Ayi Sugiyama , jwèz peyi Japon.

XS
SM
MD
LG