Accessibility links

Breaking News

Faz Final MLS la ap Demare Week End sa a


Football

Nan lig football balonwon ameriken an finalman Bruce Arena kap antrene New York Redbulls kote nou gen 2 ayisyen kap jwe, remonte moral ekip la pou ede l kalifye pou faz final la gras ak yon viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan Dallas Kansas City Wizards ki elimine gras ak 3 gòl Amado Guevara make pou Bulls yo.

Samdi New York Redbulls ap akeyi D.C United ki pèdu 3 a 2 devan Chikago Fire-n . Kolorado Rapids kote ayisyen Fabrice Noel ap jwe kalifye apre match nul 3 a 3 yo fè ak Houston Dinamo. Chivas USA fè match nul 1 a 1 ak Real Salt Lake. Kolonbus Crew tonbe 1 a 0 devan New England Revolution. Galaksi danse sou FC Dallas 5 a 2. Jeff Cunnigan kap jwe nan Real Salt Lake ranpòte pri meyè butè pou sezon regulye a ak 16 gòl devan Christian Gomez kap jwe nan D.C United ak Ante Razov ki make 14 gòl yo chak.

Nan semi final la D-C United kont York Red Bulls epi New England Revolution kont Chikago Fire nan konferaans de Lès la. Nan Lwès la FC Dallas kont Kolorado Rapids pandan ke Chivas USA kont Houston Dinamo. Venkè seri nan chak konferans yo ap rankontre an final. Venkè Final chak konferans yo ap kalifye pou jwe final chanpyon nasyonal la.

La polis arete 37 fanatik football Sèb pou konpòtman rasis pandan yon rankont chanpyona pnan Sèbi. La polis libere 29 pami machann dezagreman yo apre yo pase yon nwit nan prizon. Lòt 8 fanatik yo rete nan prizon pou fè fas ak akuzasyon yap simaye rayisman rasyal nan enstalasyon spòtif yo.

Yon lòt kote Konfederasyon Football Afriken an pral detèmine meyè footbalè Afriken pou 50 dènye ane yo nan okazyon 50 tièm anivèsè fondasyon konfederasyon an. Konfederasyon an soumèt yon lis 200 kandida pou fanatik yo vote sou entènèt la. Kritèr yo baze sou pèfòmans jwè a renmèt nan konpetisyon nasyonal, rejyonal, panafrikèn ou mondyal. Yap publiye loreya a 8 Fevriye nan seremoni kap make kreyasyon Konfederasyon Football Afriken an.

Sou kontinan Eropeyen an situasyon ap klè semen sa a nan okazyon 3 zièm jounen chanpyona lig dè chanpyon Eropeyen an lè 8 group yo ap antre nan won demen Madi ak Mèkredi. Nan group A-a Chelsea, Bayern de Munick nan group B a, Valans nan group D a, Lyon nan group E a, Manchester United nan group F la ak Arsenal nan group G a ranpòte 2 premye rankont yo--yon pwochen viktwa ap kore pozisyon yo nan group yo.

Chelsea ap akeyi Barselòn Mèkredi. Lyon pral lakay Dinamo de Kiev. Bayern de Munik pral lakay Sporting de Lisbòn, Valans kont Shaktar Donetsk. Manchester United ap akeyi Copenhague epi Arsenal pral lakay CSKA de Moskou. Levski de Sofia kont Inter de Milan epi Hambourgh SV pa kapab yon fo pa sinon yo pral chwe nan koup UEFA a.

La justis an Itali lanse yon manda darè kont ansyen prezidan Lazio de Wòm ansanm ak ansyen footbalè Giorgio Chinaglia pou presyon yap fè sou aktuèl prezidan klub la Claudio Lotito. Otorite yo deja arete 8 lòt moun pou menas yap fè pou prezidan an vann klub la. Dapre nouvèl yo Chinaglia, ki trouve a letranje Vandredi, ap travay kòm entèmedyè an favè yo group finansye Hongwa ki enterese nan achte aksyon nan Lazio de Wòm ak AS Wòm.

Federasyon Football Kenya a konvoke yon reyunyon an urjans pou demen Madi a pou diskute yon konfli ant rival nan chanpyona premyè divizyon an e ki te debouche sou anulasyon 7 match football. Rankont sa a ap dewoule yon jou avan delè FIFA fikse pou unifye 2 lig yo pou fòmen yon sèl lig ak 18 klub. Prezidan Federasyon an Alfred Sambu gen pou l fè yon rapò bay responsab klub yo sou rankont li te gen ak FIFA kap reyuni Mèkredi pou deside si wi ou non yap pran sanksyon kont federasyon football Kenya a.

Oakland Raiders rete sèl ekip envenku nan chanpyona football zèpòl kare a apre swif 13 a 3 yo pase Denver Bronco yè swa ki li menm subi 5 kièm defèt li. 3 lòt ekip ranpòte premye viktwa yo. Detroit Lions bat Buffalo Bills 20 a 17. Tennessee Titans kale Washington Redskins 25 a 22 epi Tampa Bay Buccaneers ranpòte yon viktwa tou mens devan Cincinnati Bengals 14 a 13. New York Giants, Dallas Cowboys, New York Jets yo tout ranpòte la viktwa.. A swè a Arizona Cardinals ap akeyi Chikago ki poko pèdu oken rankont.

Tennis

Jwè tenis Britanik Andy Muray kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis dè mèt Madrid yo san difikilte pou l kale espayòl Ivan Navarro Pastor 6-2, 6-4. Ameriken Mardy Fish te bezwen 3 manch pou kale Bèlj Xavier Malisse 5-7, 6-3, 7-5 pandan ke Tailandè Paradorn Srichaphan kale espayòl 6-2, 6-2. pou l kalifiye pou 2 zièm tou a.

Kwat Ivan Ljubicic te bezwen 3 manch 6-3, 6-4, 7-5 pou l kale Chilyen Fernando Gonzalez pou l ranpòte tounwa tenis tenis Vyèn nan. Viktwa ki pwolonje avantaj Ljubicic genyen devan ameriken Andy Roddick pou 3 zièm plas klasman ATP pou sezon 2006 la. Klasman an detèmine 8 premye jwè tenis kap kalifye pou fen sezon koup dè mèt yo kap dewoule nan Shangai mwa pwochen an.

Ameriken James Blake kale Finlandè Jarkko Nieminen 6-4, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Open Stockholm nan. Blake tounen premye jwè ki ranpòte tit konpetisyon an 2 zan afile depi 1996. Sa fè Blake 5 kiém tit ATP li ranpòte pou sezon an. Sèlman numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer ranpòte 9 tit aloske Espayòl Rafael Nadal ranpòte 5 tit tou.

Adolesan Rus Anna Chakvetadze suprann konpatriòt li Nadia Petrova pou l ranpòte tounwa tenis Kremlen an ki tap dewoule nan vil Moskou. Chakvetadze ki gen 19 van te bezwen 2 manch 6-4, 6-4 pou l kale Petrova pou l ranpòte 2 zièm tounwa tenis nan karyè l. Bò kote mesye yo Rus Nikolay Davydenko te bezwen 3 manch pou l kale ansyen numewo 1 tenis mondyal la Rus Marat Safin 6-4, 5-7, 6-4 pou l ranpòte 201 nièv viktwa l nan karyè l.

Adolesan ameriken Vania King remonte yon defisi pou l kale konpatriòt li Tamarine Tanasugarn e ranpòte premye tounwa tenis Open Bangkok la- pwofesyonèl nan karyè l. Manmzèl te bezwen 3 manch 2-6, 6-4, 6-4 pou l ranpòte tounwa a apre 3 mwa depi li kòmanse karyè pwofesyonèl li.

Patinaj Artistik

Unyon Patinaj Atistik Entènasyonal la supann patinè Japonè Katsuichiro Hisanaga nan pòs vis prezidan Honorè òganizasyon anapre otorite yo arete l sou akuzasyon korupsuyon. 3 Oktòb pase a la polis nan vil Tokyo te arete Hisanaga ak 2 lòt konplis anba akuzasyon yo ta detounen 50 mil dola federasyon Patinaj atistik Japonè a pandan konpetisyon mondyal ki te dewoule O Japon an lan 2002.

XS
SM
MD
LG