Accessibility links

Breaking News

Nouvèl an Vè ak Rim 13 oktòb 2006


Note byen: òtograf nou itilize nan tèks sa a pa nesesèman òtograf ofisyèl la.

--------------------------------------

NOUVEL AN Vè AK RIM

Lendi a nan l ONU, Konsèy Sekirite / Ki se ògàn kote tout gwo pouvwa a rete / Te nonmen diplòmat Kore di Sid, Ban Ki Moon / Nan plas Kofi Anan : Li jwenn vwa preske tout moun.

Nouvèl ki pwovoke kòmantèr tribòr, babòr, Se yon anons ki te sòti nan Kore di Nòr E ki te fè konnen rejim kominis la Te fè‘on tès nikleyè: Kim Jong-Il kontan pou sa.

Nan peyi Dayiti, anbasad Etazini Te publiye ‘on nouvèl ki, daprè sa laprès di, Ta prale rè-zò-ne kou’on tanbour, kou’on tamtam: Washington deside leve’on anbago zam.

Anfen Ayiti toujou, Minis enteryè a, Ki te fè deplasman nan Depatman Sid la, Te di jounalis yo gouvènman lokal yo, Pral jwenn èd Pòtoprens e sa ap fèt byento.

Madi, nasyon vwazen peyi Kore du Nòr Pat met dlo nan bouch yo pou di yo pa dakòr Ak desizyon Pyongyang te pran pou l fè yon tès Nukleyè ki, pour yo, se pa ditou’on bèl jès.

Pi prrrè n la a, o Meksik, dè milye manifestan, Ki prrrezante tèt yo tankou dè militan, Te prrran larrru lavil Mèksiko jourr sila a Pourr yo te denonnse gouverneurr Eta Ohaca a.

Nan La Avàn, Kouba, Senor Raul Castro Te parrle nan mikrro e l leve vwa l byen rrro Pourrr demannti nouvèl ki di grran frrè l, Fidel, Gen ’on mal engerrisab, tèlman mal sa a rebèl.

Anfen, ann Ayiti --tankou n t anonse l la-- Reyaksyon pat suspann tonbe nan peyi a Sou desizyon YOU-S pran poul lev’ anbargo Ki te sou nasyon an depi 15 zan tanto...

Mèkredi, prezidan Bush, isit Washington, Te rankontre laprès pou l fè’on “di-klé-ré-chenn” E di Kore du Nòr pa dwe twonpe l dutou, Aksyon li poze-a pral gen konsekans lou.

O Brezil laprès di gen yon nouvo sondaj Ke jounal O Globo publiye an premyè paj E k di prezidan Luiz Ignacio da Silva Alyas Lula, devan pou vòt 29 Obtòb la.

Anfen, ann Ayiti, nan vil Kap Ayisyen, Jasmin di n anplwaye Lopital Justinyen, Lanse yon mouvman grèv aprè responsab-yo Pran ’on desizyon k mete - 2 gwoup yo dozado.

Jedi, peyi Lachinn, nan’on apèl prese-prese, Te genyen pou l mande Konsèy Sekurite L’Ò-NU-an pran sanksyon kont peyi Kòre du Nòr... Men Peken pa ta vle sanskyon yo frape twò fòr.

Sepandan, bò isit --bò isit Washington-- Pawòl la sete ke - Pyongyang pat gen pyès “rè-sonn” Pou l fè ’on tès nikleyè; e pou BURNS “Ni-cho-la”, Gwo diplomat, sanksyon yo dwe frape ak frrraka.

Nan peyi d’Ayiti, nan jounen jedi a --”E cela chaque semaine”, daprè Guyler C. Delva, Te genyen yon fòwòm kot plizyè zenvite Abòde kèk dosye -- enpòtan e serye.

Anfen, nan vil O-Kap ((toujour peyi d’Ayiti)), Reprezantan La Bank Mondyal pale pou l di: En-ti-tu-si-yon-an dis-pò-ze finanse Kè pwojè devlopman ke palman-an va apwouve. Nan dò-mèn presi sa a --tankou nan tout dò-mèn-- Nou di Ayiti bòn chans, ainsi soit-il et amen.

Washington, 13 oktòb 2006

XS
SM
MD
LG