Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: 7 Mounn Mouri e Plizyè Lòt Blese Nan Yon Ansyen Katye Cho


Nouvèl ki sòti ann Ayiti fè konnen bandi ame touye ak kout zam 7 kretyen vivan e blese anviwon 20 lòt sou Belair, yon katye kote k te gen zak vyolans.

Sepandan kalm te retabli nan Belair, sa pa gen lontan. Jedi swa, yon gwoup bandi ouvè kout zam sou abitan zòn nan.

Abitan yo sispèk se bandi lapolis te fòse kite zòn nan ki retounen vinn fè vyolans.

Korespondan nou Rotchild Francois Junior ap reponn kesyon Ronald César sou atak sila a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj Rotchild la ak lòt repòtaj sou sitiyasyon an ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG