Accessibility links

Breaking News

Tiraj Osò koup Dò KONKAKAF la Dewoule nan New York


Football

Tiraj osò 3 zièm edisyon koup dò Konkakaf feminen dewoule nan New York yè Lendi a ak patisipasyon 6 peyi: Kanada, Jamayik, Panama, Meksik, Trinidad and Tobago ak Etazuni. Premye tou a kap jwe nan Miami ap mete fas a fas Meksik kont Trinidad-Tobago epi Panama kont Jamayik.

Rankont sa yo ap jwe nan Miami Dimanch 19 Novanm. Venkè 2 rankont ap kalifye pou semi final la kap dewoule nan Kalifòni 22 Novanm. Venkè rankont Panama/ Jamayik la pral rankontre ak Kanada epi venkè Meksik / Trinidad ap rankontre ak chanpyon an tit la Etazuni.

Venkè semi final yo ap rankontre an final e yap kalifye pou reprezante rejyon an nan koup du mond football feminen FIFA an ki pral dewoule an Chin an lan 2007. Fnal la ak match de klasman an ap jwe 26 Novanm.

Pèdan semi final la ap jwe yon match konsolasyon pou 3 zièm plas la. Seleksyon ki klase 3 zièm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou kont Japon.

Nan koup Dijicèl la Ayiti trouve l nan menm group ak Kuba, Surina m ak Martinik nan kad 2 zièm tou koup Dijicèl la ak patisipasyon 12 peyi ki divize an 3 group de 4. Group I a ap jwe 24 pou rive 28 Novanm nan Martinik.

Nan group G- a kap jwe soti 19 pou rive 23 Novanm nou jwen Bahamas, Bermude, Sen Vensan ak Grenadin ak Barbade. Group H la kap jwe soti 24 pou rive 28 Novanm nou jwen Antigua et Barbuda, Gwadeloup, Republik Dominikèn epi òganizatè tounwa a Guyanne.

Ayiti gen 2 match chofe jarèt pou l jwe avan li mete tèt pou Martinik.17 Oktòb kont Kuba nan stad Sylvio Cartor epi lakay Bahamas 27 Oktòb.

Eskandal pete ant Federasyon Football Trinidad and Tobago ak kèk jwè kle seleksyon an kap pare pou jwe yon match match amikal ak Sen Vensan e Grenadin Samdi. Diskusyon yo ap dewoule sou lajan jwè yo pa resevwa nan dwa retransmisyon match avan koup du mond la ak fason responsab yo vle distribye plis pase 18 milyon dola seleksyon an resevwa pou patisipasyon yo nan Koup du mond FIFA a ki sot dewoule an Almay.

Espayòl-yo pa suspann mande demisyon Luis Aragones nan tèt seleksyon foutbòl espayòl-la apre defèt 2 a 0 devan Lasuèd. Sepandan-an mesye Aragonès di li pap fè yon pa kita yon pa nago e li menm ajoute , men si ekip-la pèdu demen mèkredi a nan match amikal kont arjantinn-nan li pap bay demisyon-l. Aragonès resevwa gwo kritik apre 2 defèt afile seleksyon an subi kont Irland ak La Suèd nan eliminatwa koup dEròp dè Nasyon an.

Ap gen yon maskot marasa nan koup dEròp dè nasyon 2008 la kap dewoule an tandèm ant Otrich ak la Swis-Non yo se Trix ak Flix dapre enfòmasyon ki publiye jodi a. Maskot sa yo ap kòmanse siyon-nen teren an nan okazyon match amikal Otrich pral jwen kont la Swis nan Innsbruck. Plis pase 67 mil fanatik Swis ak Otrichyen te chwazi non maskot marasa uo. Unyon Football Eropeyen an di Trix ak Flix resevwa 36 pwen 3 pou 100 vwa yo konpare pou Flitz ak Blitz epi Zagi ak Zigi.

Demen mèkredi-a gen lòt bèl rande-vou akote match amikal ant Espay ak Arjantinn. 2 ladan-yo : nan kad ekliminatwa EURO 2008-la , Lafrans ki pral jwe kont Zile Faroe-yo espere rachte-l apre defèt-li wikenn ki sot pase la-a kont Unkrèn 0-1. Itali ap jwe li-menm kont Georgi.

Nan kad skandal nan Calcio-a, Jouventous de Turin ki desann an 2e divizyon espere yon diminusyon nan sanksyon responsab-yo te pran kont-li nan okazyon odyans kap dewoule demen mèkredi-a devan Cour arbitrale Comité national olympique-la nan vil Wòm. Jean-Claude Blanc, administratè klub-la espere yon jujman ekitab. Kou abitral Komite Olempik-la ki se dènye nivo nan juridiction sportive en Itali ap egzamine demen mèkredi-a rekour ann apèl Juventus , Milan AC ak Lazio de Rome. Jouventous an 2e divizyon avèk yon penalite 17 pwen.

Tennis

Rus Dinara Safina pèdu devan konpatriyòt-li Anna Chakvetadze nan premye tou koup Kremlin-an. Les principales engagées, dont la Française Amélie Mauresmo, numéro un mondiale, et les Russes Maria Sharapova, Svetlana Kuznetsova et Elena Dementieva, têtes de série n°2, 3 et 4, sont dispensées du premier tour.

XS
SM
MD
LG