Pitit Ayisyen ki fèt nan repiblik Dominikèn pa ka pran ni nasyonalite Dominikèn ni Ayisyèn.
Otorite Dominikèn yo refize ba yo batistè e otorite ayisyen yo refize ba yo basitè tou. Sa kreye anpil pwoblèm pou mounn ki nan sitiyasyon sila a.
Yo pa kapab fè klas avanse. Yo pa kapab deplase sòti nan yon vil pou ale nan yon lòt, pwiske yo pa gen paspò pou idantifye yo. Yo pa ka jwenn asistans leta dominiken.
Kisa responsab ayisyen yo ap fè pou chèche rezoud pwoblèm sa a? Se sa nou debat nan pwogram sa a.
Envite nou se Pedro Cuevas, yon avoka nan repiblik Dominikèn; Beneco Enecio, anplwaye yon ONG ki se pitit ayisyen ki fèt nan Batey 8 nan Barahona; Ronald Beldor, yon agronòm ki t ap travay nan seksyon dokimantasyon nan yon pwogram anbasad Ayiti a nan Santo Domingo ki te konn fè batistè pou ayisyen ki pran nesans nan peyi Panyòl yo; Pierre-Lot Lagrenade, konsil ayisyen nan Barahoma.
Kisa responsab ayisyen yo ap fè pou chèche rezoud pwoblèm sa a? Se sa nou debat nan pwogram sa a avèk Ronald Cesar ki te fè yon vizit nan repiblik Dominikèn.
Klike sou lyen anlè a pou w koute pwogram spesyal sila a.