Accessibility links

Breaking News

Balon pral Woule Pandan Weekend nan


Anpil rankont ap dewoule nan kad eliminatwa Euro 2008 pandan week nan. Dabò nan Gwoup F-la, La Suèd gen pou-l ak Espay ki pa gen dwa alerè. Tèt Luis Aragonès, antrenè-a cho kon vè lamp. Espay kap san super kapitèn- li-an Raoul , ap gen pou-l yon match amikal mèkredi kont Arjantinn. Nan Gwoup B-a, Itali endesi e sakaje ak tout skandal-yo ap rankontre demen ak Unkrènn. Situasyon difisil pou Ekoss ki pral oblije met tout sa-l konnen deyò pou fè yon rezulta devan Lafrans ki gen rezulta e ki gen bon moral .

Gadyen seleksyon franse Fabien Barthez anonse lap pran retrèt nan football apre li jwe 87 rankont pou seleksyon nasyonal la e patisipe nan 3 koup du mond FIFA.

Nou gen rande-vou demen tou ak Chanpyona football balonwon ameriken : DC United ap akeyi New England Revolution. Los Anjeles Galaxi ap vizite FC Dallas. Kansas City Wizards pral amuze l ak Chivas USA. Kolonbus Crew pral lakay Chikago Fire. Real Salt Lake ap akeyi Houston Dinamo epi New York Redbulls pral lakay Kolorado Rapids.

Nan Jamayik responsab football yo mande fanatik yo pou l al ankouraje seleksyon an lè lap rankontre ak Kanada Dimanch kap vini la a nan Kingston nan okazyon yon match chofe jarèt. Kanadyen yo gen pou rive apre midi a nan Kingston. Jamayiken yo gen pou rankontre ak Pewou 15 Novanm nan kad yon lòt match amikal. Nan Miami Honduras ap rankontre ak Gwatemala Samdi. Nan Brisbane Ostrali kont Paragwe”

Tennis

Kar de final tounwa Tokyo-a: Roger Federer(1) elimine anba redi, vrèman anba redi japonè Takao Suzuki 2 sèt a 1 ; skò-a ap di nou plus : 4-6 7-5 7-6. Fereder ap rankontre ak alman Benjamin Becker kalifikasyon tou pou Lee Hyung-taik gras ak viktwa an 3 sèt sou espayòl Tommy Robredo . Lee ap rankontre an demi final ak anglè Tim Henman.

NBA

Philadelphia 76ers kap patisipe nan kan dantrenman nan vil Barselòn an Espay tonbe 104 a 99 devan ekip basketball lokal la, Barselòn-premye defèt yon ekip NBA subi devan yon klub Eropeyen depi pwogram nan te kòmanse an 1987. Ayisyen Samuel Dalembert make 21 pwen pou Filadelphia 76ers. Yon lòt kote, San Antonio Spurs ki sot bay yon gwo show nan vil Lyon ap pran direksyon Bersi kote li pral fè yon 2e match ekzibisyon dimanch an Frans kont Maccabi Tel Aviv. Nan premye match-la ki te dewoule yèr, Spurs-yo te kale Asvel 115 a 90. Nou konprann nan match egzibisyon sa-yo zyeu publik-la brake sou fransè Tony Parker kap jwe nan San Antonio e ki make 27 pwen e fè 8 pas ki fè panye.

XS
SM
MD
LG