Accessibility links

Breaking News

Diplomat Ameriken: Etazini Pap Janm Aksepte Kore-di-Nò Gen Zam Nikleyè


Pi gwo diplomat ameriken nan chita-tande 6 peyi ap fè sou dosye nikleyè Kore-di-Nò a (chita-tande ki bloke kounye a) avèti ke Washington ak alye l' yo pape janm' aksepte pou Pyongyang posede zam nikleyè. Anbasadè Christopher Hill di Kore-di-Nò gen yon chwa klè devan li.

Diplomat ameriken an deklare: Kore-di-Nò ka gen yon avni, oubyen li ka gen zam sa yo. Li pa ka gen tou lè 2.

Kesyon analis yo ap poze, se ki opsyon Etazini gen devan li, si Nò-Korereyen yo fè tès la kanmenm?

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj nou an avèk vwa Marie-Luce Pierre, Lyonel Desmarattes e Chérubin Dorcil.
XS
SM
MD
LG