Foutbòl
Nan yon match amikal ki dewoule nan Yokohama , Gana kale Japon 1 a 0 . Nouvo antrenè japon-an Ivika Osim anrejistre premye defèt-li a domisil depi li pran plas brezilyen Zico nan tèt seleksyon-an ki pat bay anyen nan gad-la nan Mondyal Almay-la kote li te elimine depi nan premye tou. Japon te jwe wsan vedèt li-yo kap jwen an Ewòp.
Jounalis Spòtif ameriken yo nonmen footballè ameriken Clint Dempsey kòm meyè footbalè pou ane a. Dempsey kap jwe nan New England Revolution, resevwa 237 pwen nan men 207 jounalis ameriken.
Nouvèl-yo fè konnen foutbolè vedèt peyi Ukrèn Andreï Chevtchenko kap jwe aktuèlman nan Tchelsi gen difikulte pou-l adapte ak foutbòl anglè-a . Li te transfere kite Milan AC pou 45 milyon EURO anviwon 50 milyon dola
Seleksyon Nasyonal Jamayik la kòmanse preparasyon match amikal kont Kanada Dimanch nan Jamayik apre yo elimine nan koup Dijicel la. Antrenè a Karl Brown konvoke 11 jwè kap evolye a letranje pou wè nan ka mezu yo kapab bay Kanada yon replik apre umilyasyon yo subi sou pwòp teren yo semèn pase a fas a Sen Vensan e Grenadin . Jamayik te pèdu match ale a 1 a 0 nan Montreal.
Tennis
Nan tounwa Tokyo-a ki rive nan 2e tou, numewo 1 mondyal-la , susi Roger Federer kale nan 2 tie-break sèrb Victor Troicki ; Tomy Rebredo (2) elimine san pwoblèm taywanè Lu Yen-sun an 2 sèt : 6-4, 6-1 ; Lèot kalifye : sud-afriken Wesley Moodie, arjanten Juan Monaco, alman Rainer Schuettler ; alman Alexander Waske , tchèk Jiri Novak, Benjamen Becker.
Nan tounwa tenis Mozèl-la kap dewoule nan peyi La frans, Sebastien kap jwe lakay-li ap rankontre ak alman Florian Mayer avèk objektif pou-l kalifye pou 8e de final kote lap rankontre ak konpatriyòt-li Julien Benneteau ki kale yè madi-a , tèt de seri numewo 2-a , espayòl Juan-Carlos Ferrero an 3 sèt : 6-4, 1-6, 7-6.
Jwè tenis Alman Anna-Lena Groenefeld ak Martina Mueller ranpòte match douvètu tounwa tenis Porsche Grand Prix a kap dewoule nan vil Stuggart.
Franse Cyril Saulnier te fè kè publik la kontan apre li suprann Slovak Dominik Hrbaty 4-6, 6-3, 6-3 nan tounwa tenis Open de Moselle la an Frans.
Atletisme
Nouvèl ki soti nan Sen Domeng fè konnen 9 atlèt alterofil Iranyen pap patisipe nan chanpyona du mond Alterofili apre yo teste pozitif pou testosteron. DApre televizyon leta 8 atlèt resevwa yon suspansyon 2 zan epi lòt yo ap purje yon pèn avi ansanm ak antrenè a.
Basketball
Klub yo nan NBA kömanse kan dantrenman depi debu semen nan. 61 nièm edisyon an ap debute 31 Oktòb lè chanpyon an tit la Miami Heat ap akeyi Chikago Bulls nan Miami. 2 zièm match sware a ap mete bab pou bab Phoenix Suns kont Los Anjeles Lakers.