Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Negatif nan Karayib la Apre Yon Desizyon Kongrè Ameriken an


Oganizasyon Touris Karayib la (ki gen katye-jeneral li nan Babad) ak Asosyasyon Otèl Karayib la (ki chita nan Pòtoriko) reyaji sou desizyon Kongrè ameriken pran lendi 2 oktòb la pou li chanje yon lwa yo rele Western Hemisphere Travel Initiative. Chanjman sa a pral favorize peyi Meksik, Kanada, epi bato kwazyè olye de avyon pasaje ki pral nan Karayib la. Pou OTK, se kòmsi yon siklòn kategori 6 (pi gwo kategori a se 5) ta frape rejyon Karayib la.

Fè klik sou ralonj anlè a pou w tande plis sou pwen sa a.

XS
SM
MD
LG