Accessibility links

Breaking News

Deblozaj nan Jamayik Apre Seleksyon an Elimine nan Koup Dijicel la


Football

Responsab federasyon Football Jamayik la ap redouble efò pou seleksyon an jarèt apre yo elimine nan premye tou eliminatwa Koup Digicel la. Kèk ansyen dirijan di eliminasyon Jamayik la se yon apèl ke dirijan aktuèl dwe revize pèfòmans seleksyon an ki dwe sere zèpòl ak zèpòl pou bay yon repons kif/kif pwochen fwa yap rankontre peyi nan rejyon an ki sanble kòmanse reveye.

Antrenè pwovizwa seleksyon an Karl Brown di seleksyon pat gen ase tan pou yo te prepare eliminatwa a. Antrenè seleksyon nasyonal Ayiti eksprime regrè l pou defèt la apre katon wouj gadyen titulè a te resevwa. Tiraj osò, ki pral divize 12 peyi yo an 3 group kapab dewoule nan fen semen nan. Jamayik te bat Ayiti 2 a 0 aloske li te bezwen 3 gòl pou l te kalifye.

Malgre defèt la Jamayiken yo pap dòmi--Reggae Boyz yo ap prepare pou rankontre ak Kanada Dimanch nan kad yon match chofe jarèt. Nan okazyon an responsab konvoke kèk jwè yo genyen kap evolye aletranje.

Gwo divizyon nan mond foutbolistik olandè-a apre anons Ruud Van Nistelroy ak Mark Van Bomel ki anonse ke yo pap janm jwe pou seleksyon nasyonal olandèz-la depi antrenè-a se Sen Mark, yo tap fè referans ak Marco Vann Basten kap antrene seleksyon-an. Konfli sa-a eklate apre Van Basten pa konvoke 2 mesye sa-yo ki reprezante ou ki te reprezante gwo vedèt ekip-la. Van Nistelroy te menm di fòk Van Basten ren-men fòm tèt-tou pou-l rele-w nan seleksyon-an. Gen anpil reyaksyon ki soti sou kesyon sa- ki pa twò favoran pou Van Basten ke kèk moun konsidere tankou yon maryonèt...e se Cruyf kap tire fisèl-la.

Ann Itali, anketè justis spòtiv-la tande jodi madi prezidan Inter de Milan Massimo Morratti sou akuzasyon kòmkwa yo tap chèche detèmine si dirijan klub-la te tante espyone abit oubyen advèsèl-yo avan skandal match truke-yo te eklate. Mesye Moratti deklare apre odisyon-an ki dure 2 zè , li trouve anketè trè atantif et trè kòdyal. Se apre skandal sa-a ke Jouventous de Turin te desann an 2e divizyon e gen 4 klub ki te pran sanksyon : AC Milan, Fiorentina , Lazio de Rome , Regina ). Men la justis pat janm man-yen Inter de Milan. Ki donk konnye-a yap men-nen ankèt sou zak espyonaj Inter-yo.

Tiraj-o-sò pou faz poul Koup UEFA-a dewoule jodi madi-a nan vil Nyon an Swis. Nan Gwoup A-a par egzamp, yon gwoup redoutab : nou jwenn : Osèr , Glasgow Rangers , Partizan Belgrade , Livourne ak Maccabi Haïfa . Paris Sen jermen nan gwoup B-a tonbe sou Panathinaïkos, Rapid Bucarest, l'Hapoël Tel-Aviv ak club tchèque de Mlada Boleslav, le tombeur de Marsèy.

Atletisme

Entèpòl ak Ajans Anti Dopaj Mondyal la dakò pou yo travay ansanm pou ede nan entèdiksyon pou utilizasyon dwòg nan spò. Dirijan 2 òganizasyon yo ki rankontre nan katye jeneral Entèpòl la nan vil Lyon an Frans fè konnen yo pral travay pou ede idantifye epi pouswiv an justis machann dròg yo pou pèmèt atlèt ki onèt yo kapab patisipe nan konpetisyon san kè sote. Responsab-yo sugjere yon konferans entènasyonal kap mete sou menm tab tout ekspè nan domèn spòtif , epi ankouraje kooperasyon antre yo pou lute kont dopaj nan spò.

Tennis

Pou la premyè fwa nan Bersi, responsab Seri dè mèt Pari-a ap utilize nan kour santral-la yon sistèm arbitraj elektwonik ke yo rele “ Hawk-Eye”. Konpetisyon sa-a ap dewoule soti 30 oktòb pou rive 5 novanm. Yo utilize sistèm sa-a pou premye fwa nan US OPEN-nan Ozetazuni. Ki donk depi gen dout sistèm elektwonik-la kapab difuze.

XS
SM
MD
LG