Accessibility links

Breaking News

Ayiti, Sen Vensan ak Grenadin Kalifye pou Pwochen Tou Koup Digicel la


Football

Ayiti ak Sen Vensan en Grenadin kalifye pou pwochen tou Koup Digicel la apre dènye rankont ki jwe yè swa nan Jamayik. Ayiti kalifye malgre li pèdu 2 a 0 devan Jamayik ki elimine akoz non sèlman gòl diferans men defèt supriz 2 a 1 yo te subi devan Sen Vensan e Grenadin Vandredi. Sen Vensan e Grenadin woule Sent Lusi 8 a 0. Shandel Samuel make 5 gòl na piyay la.

Se demen Madi a tiraj osò koup UEFA a ap dewoule nan Nyon an Swis ak patisipasyon 40 klub kap divize an 5 group de 8. Dapre règleman yo 2 klub ki soti nan menm peyi pa kapab figure nan menm pou l. Faz sa ap kòmanse 19 Oktòb pou l fini 14 Desanm.

Seleksyon nasyonal feminen ameriken wouze Taiwan ak yon viktwa 10 a 0 nan kad yon match amikal chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon yonan Carson an Kalifòni. Pwochen rankont Etazuni ap jwe l kont Island nan Richmond Vijini 8 Oktòb. Etazuni, kap prepare pou pwochen koup du mond la ane pwochèn an Chin, gen yon rekò 12 viktwa 3 match nul pandan sezon 2006 la.

An Frans Toulouz tonbe 3 a 0 devan Marseille. O Brezil gadyen seleksyon Brezil la Dida, kap jwe nan Milan AC, pran retrèt li sou sè n entènasyonal la, apre li jwe 92 match pou seleksyon nasyonal la.

An Angletè Machester United pran tèt klasman jeneral la gras a viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Newcastle epi match nul 1 a 1 Chelsea fè ak Aston Villa nan okazyon 7 tièm jounen chanpyona premyè divizyon Angle a. Chelsea ak Manchester gen 16 pwen yo chak men gòl diferans mete Manchester United nan tèt klasman an.

An Espay Valans ak FC Barselòn nan tèt klasman an apre 5 kièm jounen chanpyona a ak 13 pwen yo chak. Valans tronpe vijilans Taragone 4 a 0 yè Dimanch la pandan ke FC Barselòn woule Atletico Bilbao 3 a 1. Real Madrid fè match nul 1 a 1 ak Atletico.

An Itali antrenè seleksyon nasyonal la Roberto Donadoni konvoke 25 jwè ki pral reprezanten nan peyi nan 2 pwochen rankont eliminatwa koup dEròp dè nasyon. Itali ap rankontre ak Ukrèn 7 Oktòb nan vil Wòm epi Jòrji le 11 Oktòb nan Tbilisi. Prèske tout jwè yo te patisipe nan koup du mond FIFA ki te dewoule an Almay an Jwen ane sa a.

AS Rom repran tèt klasman an apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Empoli. Inter de Milan fè match nul 1 a 1 ak Cagliari. Palerme pataje premye plas la ak AS Wòm ak 12 pwen yo chak men AS Wòm gen yon gòl diferans + 8.

3 ekip football zèpòl kare Indianapolis Colt, Chikago Bears ak Baltimore Ravens poko pèdu oken rankont. Indianapolis Colts tronpe New York Jets ak yon viktwa 31 a 28. Chikago Bears woule Seattle Seahawks 37 a 6. Baltimore Ravens suprann San Diego Chargers 16 a 13. New England Patriots tronse Cincinnati Bengals 38 a 13. Washington Redskins te fè anpil efò avan li kale an pwolongasyon Jacksonvil Jaguars 36 a 30. Dallas Cowboys danse sou Tennessee Titans 45 a 14

Tennis

Ukrenyen Alona Bondarenko ranpòte premye tounwa tenis nan karyèl apre li kale Italyen Francesca Schiavone nan tounwa tenis Luksanbourg la 6-3, 6-2.

Jwè tenis Italyen Filippo Volandri remonte yon defisi pou l ranpòte tounwa tenis Palerme nan devan Ekwatoryen Nicolas Lapentti 5-7, 6-1, 6-3.

Grèk Eleni Daniilidou ranpòte tounwa tenis Open Kore a devan japonè Ai Sugiyama 6-3, 2-6, 7-6 malgre yon doulè nan pye.

Ameriken James Blake te bezwen 2 manch 6-3, 6-1 pou l kale Kwat Ivan Ljubicic e ranpòte tounwa tenis Tailand la ki tap dewoule nan Bangkok.

Rus Anna Chakvetadze kale Espayòl Anabel Medina 6-1, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis chinwa a.

Cyclisme

Siklis Espayòl Samuel Sanchez ranpòte kous bisiklèt ki tap dewoule nan vil Zurik an Swis devan Ostralyen Stuart O Grady ak Italyen Davide Rebelllin.

Federasyon Entènasyonal Alterofili a suspann pou 2 zan 9 atlèt Iranyen ak yon amand 400 mil dola pou peyi a peye apre atlèt yo teste pozitif nan moman konpetisyon Alterofil la pral dewoule nan Sen Domeng Samdi.

XS
SM
MD
LG