Football
Ayiti ak Jamayik ranpòte la viktwa nan eliminatwa koup Digicel la nan Kingston. An leve-d-rido Ayiti benyen Sen Vensan e Grenadines 4 a 0. Josue Mayard, Jean Baptiste Fritzon, Jean Jacques Pierre ak Marc Herold Garcien ki te antrenan fen 2 zièm mitan an make gòl seleksyon nasyonal ayisyen an. Nan lòt rankont sware a Jamayik toupizi Sent Lusi 4 a 0. Konpetisyon an ap kontinye demen Vandredi a lè Ayiti ap rankontre ak Sent Lusi epi Jamayik ap jwe kont Sen Vensan e Grenadine. Ayiti ak Jamayik pataje premye plas la ak 3 pwen yo chak pou 4 gòl make e 0 gòl ankese.
Jamayik ap akeyi round final eliminwa chanpyona du mond Kadè a an Avril 2007 pou zòn KONKAKAF la. 9 peyi ap patisipe nan faz final la kap divize an 2 group. Patisipan yo se Ayiti, Kanada, Trinidad and Tobago, Etazuni, Jamayik ak 2 reprezantan Amerik Santral la. 2 premye yo ansanm ak meyè 3 zièm ap kalifye pou koup du mond Kadè a kap dewoule an Kore.
Chikago Fire ranpòte koup US Open nan gras ak yon viktwa 3 a 1 yo ranpòte a domisil devan Los Anjeles Galaksi yè Mèkredi nan Toyota Park. Sa fè Chikago Fire 4 trièm fwa li ranpòte konpetisyon an-plis fwa ke nenpòt klub kap evolye nan chanpyona premyè divizyon ameriken an.
Antrenè seleksyon franse Raymond Domenech publiye lis jwè ki pral diskute match kalifikatif Koup Deròp dè Nasyon an fas a Ekòs ak Il Feroé yo. Pami jwè ki konvoke nan seleksyon an nou jwen David Trezeguet kap jwe nan Juventus de Turen
Nan lòt nouvèl Ivwaryen Didier Drogba make 3 gòl nan viktwa 3 a 1 Chelsea ranpòte devan Levski de Sofia pandan ke Barselòn fè match nul 1 a 1 ak Werder de Brem gras ak yon bout gòl Lionel Messi make nan 89 vièm minit rankont pou sove Barselonè yo nan kad match lig dè chanpyon Eropeyen an. Inter de Milan tonbe 2 a 0 fas ak Bayern de Munik. PSV Eindhoven ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Bordo.
Liverpool te fè anpil efò avan li kale Galatasaray 3 a 2. La polis Italyen arete plis pase 20 fanatik football pandan lese frape ki te genyen ant fanatik Palerme ak West Ham ki lakoz 17 lòt moun blese. Anviwon 500 machann dezagreman te mele nan deblozaj la apre viktwa 1 a 0 Palerme ranpòte devan klub Angle a. Yon lòt kote football Kamerounè Samuel Eto’o kap jwe nan FC Barselòn pap kapab jwe pou klub pandan 2 a 3 mwa apre li pran yon zòbòy pandan rankont FC Barselòn kont Chelsea. Jodi a koup Unyon Football Eropeyen an ap dewoule ak yon seri de rankont pami yo klub Franse Oksèr fas a Dinamo de Zagreb.
La polis Italyen arete plis pase 20 fanatik football pandan lese frape ki te genyen ant fanatik Palerme ak West Ham ki lakoz 17 lòt moun blese. Anviwon 500 machann dezagreman te mele nan deblozaj la apre viktwa 1 a 0 Palerme ranpòte devan klub Angle a. Yon lòt kote football Kamerounè Samuel Eto’o kap jwe nan FC Barselòn pap kapab jwe pou klub pandan 2 a 3 mwa apre li pran yon zòbòy pandan rankont FC Barselòn kont Chelsea. Jodi a koup Unyon Football Eropeyen an ap dewoule ak yon seri de rankont pami yo klub Franse Oksèr fas a Dinamo de Zagreb. Yon lòt kote Irland ta dwe akeyi final Koup UEFA a an 2010 si stad la prepare a lhè dapre responsab football Eropeyen an. Seleksyon feminen Alman an kalifye pou faz final koup du mond football feminen FIFA a ki gen pou dewoule an Chin gras ak yon viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan la Rusi. Danmak kalifye tou apre yo kale ak difikilte Findland 1 a 0. La Swèd jwen tikè l gras ak swif 2 a 0 yo pase Republik Tchèk. Antrenè seleksyon Arjanten an konvoke Hernan Crespo, Roberto Ayala ak Gabriel Heinze nan okazyon match chofe jarèt Arjanten yo gen pou jwe kont Espay mwa pwochen an nan Murcia. Antrenè Paragwe a Raul Amarilla konvoke 19 jwè ki pral patisipe nan match amikal kont Ostrali mwa pwochen an.
Semi final Lig dè Chanpyon Azyatik la demare viktwa klub Koreyen Ulsan ki kale anba redu Chonbuk Motor 3 a 2 nan yon semi final ki mete fas a fas 2 klub Sud Koreyen. Klub Siryen Al Karama fè match nul ak klub Kowetyen Al Qadisiya 0 a 0. Match retou a fikse pou 18 Oktòb.
Tennis
Tiraj osò koup Davis la dewoule ak Espay kap rankontre ak la Swis nan yon seri rankont kap mete bab pou bab Roger Federer fas a Rafael Nadal. Nan lòt rankont Etazuni kont Republik Tchèk. Ostrali kont Beljik, la Rusi kont Chili epi Arjantin kont Otrich nan premye tou a.