Accessibility links

Breaking News

Anpil Ayisyen Nan Miami Nan Gwo Pwoblèm ak Imigrasyon


Yon bon valè Ayisyen nan eta Florid oblije ap viv nan kache akòz menas depòtasyon. Militan k'ap defann dwa imigran ayisyen yo lanse yon apèl prese-prese bay gouvènman Pòtoprens la pou li soumèt yon demand ekri, fòmèl, bay administrasyon Bush la, menmjan plizyè lòt lidè nan rejyon an fè l' deja, pou evite depòtasyon Ayisyen sa yo.

Yon responsab Kowalisyon Ayisyen-Ameriken pou Dwa Imigran yo, Marlène Bastien, di Lavwadlamerik siksè efò pou ede Ayisyen yo jwenn pwoteksyon tanporè ozetazini, li depann anpil de aksyon Prezidan René Préval ak gouvènman Alexis a. Li di nou tou kesyon TPS la atire atansyon politisyen ak direktè opinyon nan Florid.

Ou ka tande tout interview a si w fè klik sou ralonj anlè foto a.

XS
SM
MD
LG