Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Rankontre Prezidan Hamid Karzai Nan Washington


Prezidan Bush deklare batay kap fèt nan peyi Afghanistan an fè pati lit mondyal kont teroris yo. Msye Bush te pale konsa jodi a nan yon konferans-pou-laprès li bay ansanm ak Prezidan Afghan an, Hamid Karzai, ki t'ap vizite Lamezonblanch.

Apre rankont la, Prezidan Bush te felisite Prezidan Karzai an piblik pou efò li nan Kaboul ak kolaborasyon l' nan lagè kont latèrè a. Lidè ameriken an di yo te gen yon chans re-konfime angajman solid yo pran pou yo travay pou lapè ak libète. Li di msye Karzai gen yon misyon difisil, li montre anpil fòs, e li fyè pou l’rele l' yon alye.

Bò kote pa l', Hamid Karzai, te ranmase gran pwen chita-tande a konsa: "Jodi a nou diskite tout kesyon ki konsène 2 peyi yo, rekonstriksyon Afghanistan, ekipman ak antrènman pou lame afghan an, sitiyasyon rejyon an e lit kont teroris yo."

Demen mèkredi a, Prezidan Pakistan an, Pervez Musharraf, pral rankontre Prezidan Karzai ak Prezidan Bush nan lamezonblanch pou yon sesyon a twa ki, dapre msye Karzai, ta dwe ede Kaboul ak Islamabad pi byen abòde relasyon yo ak lit anti-teroris la.

Fè klik sou ralonj anlè foto msye Bush la pou w koute repòtaj sila a.

XS
SM
MD
LG