Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Patisipe nan Eliminatwa Koup Digicel la


Football

Jamaica Gleaner.com Digicel Cup Kwandrangulè koup Digicel la ap demare nan Jamayik ak patisipasyon Ayiti, Sen Vensan e Grenadin ak Sent Lusi Ayiti ap louvri konpetisyon kont Sen Vensan e Grenadin epi Jamayik kont Sent Lusi nan group D a ki konsidere kòm group de la mort. Vendredi Ayiti kont Sent Lusi epi Jamayik kont Sen Vensan e Grenadin. Dimanch Sent Lusi ap rankontre ak Sen Vensan e Grenadin epi Jamayik ap rankontre ak Ayiti. Antrenè seleksyon Ayiti Carlo Marcelin rekonèt difikilte ki devan Ayiti pou l bat Jamayik kap jwe lakay li.

2 premye yo ap kalifye pou 2 zièm tou a ki gen ladann Suriname, Guyan, Antigua, Barbados, Kuba, Bahamas, Gwadeloup ak Martinik. Venkè 2 zièm tou a prale nan Trinidad and Tobago pou faz final la kap dewoule soti 13 Janvye pou fini 11 Fevriye. Venkè yo ap ranpòte yon prim 120 mil dola ameriken

Chanpyona lig football Europeyen an ap rapousib jodi a ak 8 rankont. Nan Group E a Real Madrid ap rankontre ak Dinamo de Kiev pandan ke Staua de Bucharest pral tope kòn li fas ak Lyon. Benfica de Lisbòn kont Manchester United san bliye Celtic Glasgow pral amuze l ak FC Copenhag nan group F la. Group G a pral gen yon lese frape ant CSKA de Moskou ak klub Alman Hambourg. Arsenal kont Porto. AEK dAtèn kont Anderlechk epi Lille kont Milan AC nan group H la. Demen Mèkredi a Levski de Sofi kont Chelsea. Werder de Brem kont chanpyon sòtan an FC Barselòn nan group A a. Liverpool kont Galatasaray epi Bordo kont PSV Eindhoven nan group C a.

70 mil fanatik te fè deplasman pou al asiste viktwa 23 a 3 New Orleans Saints ranpòte devan Atlanta Falcons nan stad Superdome ki repare apre ouragan Katrina te detwil l. Plizyè atis renon-men te patisipe nan reouvètu stad la. Sa fè New Orleans Saints 3 zièm viktwa li ranpòte kont 0 defèt.

XS
SM
MD
LG