Jodi lendi 25 septanm nan, responsab Palman peyi d Ayiti ta dwe rankontre laprès pou pibliye pwojè bidjè repiblik la pou ane fiskal 2006-2007 la. Pandan tout finisman semèn nan, palmantè yo te travay sou bidjè a e, dapre kèk sous, yo pare pou vote li anvanm semèn nan bout, si pouvwa egzekitif la dakò ak dokiman yo prepare a.
Korespondan nou Rotchild François, Jr. di nou pami pwen ki te soulve diskisyon nan preparasyon bidjè a, genyen kreyasyon yon nouvo fès sekirite ki pou kore Polis Nasyonal la epi bès bidjè Premye Minis la.
Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w ka koute repòtaj Rotchild la.