Accessibility links

Breaking News

Haiti Akeyi Minis Afè Etranjè Brezil la


Minis afè etranjè brezilyen an rive jedi apre midi nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens, kote li fè chita pale avèk prezidan René Préval e ak lòt ofisyèl ayisyen. Chèf diplomasi brezilyèn nan rankontre tou ak kontenjan militè brezilyen ki fè pati fòs estabilizasyon Nasyonzini pou Ayiti a, Minustah.

Men se pa sèl nouvèl ki domine aktyalite a ann' Ayiti, kote ambasadè La France lan fè kèk kòmantè sou pwojè "dezameman gang ame"gouvènman prezidan Préval-Alexis a vle antrepran nan peyi a e, an patikilye, nan zòn metwopoliten kapital la.

Yon lòt kote, nan Depatman Latibonit la, otorite lokal yo poze plizyè arestasyon moun yo sispèk kòm prizonye ki te chape nan prizon.

Fè yon klik sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou n' koute devlopman tèm sa yo avek Rotchild François jr., Chérubin Dorcil, Yvan Martin Jasmin, Marie-Luce Pierre e Alfred Jean

XS
SM
MD
LG