Accessibility links

Breaking News

Yon Responsab Sena a Di Tout Aksyon Kont Gang yo ap jwenn Apui Palman an


Yon manm Sena ayisyen an di Lavwadlamerik nenpòt aksyon “musclée” ke L’ONU ak Polis Nasyonal la ta lanse kont gang yo, l’ap jwenn apui Palmantè ayisyen yo.

Senatè Evelyne B. Chéron souliyen efò twoup etranje yo ap fè nan peyi a, men li ta renmen wè yo pi aktif, akote Polis Nasyonal la, nan desitire gang ki rann lavi a prèske enposib nan kapital la.

Yon lòt kote, Senatè Chéron ap travay sou yon pwojè pou pèmèt kòlèg li yo nan Sena a benefisye asistans kèk patnè ewopeyen nan domèn teknoloji òdinatè.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w koute tout interview a.

XS
SM
MD
LG