Accessibility links

Breaking News

Marion Jone pap Reprezante Etazuni nan Chanpyona du Mond Atletis la


Atletisme

Atlèt ameriken Marion Jones pap patisipe nan koup du mond Atletis ki gen pou dewoule nan vil Atèn an Grès Samdi ak Dimanch. Jones ki blanchi de pwoblèm dopaj semen pase a di li te trè difisil pou l te konsantre l e ke li pa santi l an fòm pou l reprezante Etazuni. Terri Edwards ap ranplase l nan konpetisyon an.

Basketball

Seleksyon basketbal feminen ameriken an kontinye ap domine chanpyona du mond basketball feminen kap dewoule nan Sao Paolo OBrezil. Tina Thompson make 19 pwen epi Candace Parker ajoute 17 pwen pou ede ameriken wouze la Rusi 90 a 80. La Chin tronse Nijerya 71 a 59. Espay remonte yon defisi pou l kale Brezil de justès 67 a 66. Rezulta ki mete Arjantin nan tèt klasman nan group A a apre viktwa 73 a 64 yo ranpòte devan Kore du Sud.Ostrali kap byen men-nen van-nen Kanada 97 a 65 pandan Lituani danse sou Senegal 74 a 63. Republik Tchèk pilon-nen Taiwan 93 a 72. Kuba ranpòte yon viktwa tou mens devan la Frans 78 a 73

Football

Kèk rezulta match ale Unyon Football Eropeyen an. Ajax Amsterda m wouze klub IK Start de la Norvèj 5 a 2. Shalke 04 ranpòte yon viktwa tou mens devan Nancy 1 a 0. Match retou a fikse nan 2 semen. Match ki fiske nan lig football balonwon ameriken an New York Redbulls ap akeyi Colonbus Crew, FC Dallas ap fè yon kout pye lakay Real Salt Lake. Galaxi pral amuze l ak Kolorado Rapids. Dimanch DC United ap rankontre ak Chikago Fire lakay Chikago. Houston Dinamo pral mate balon lakay Chivas USA. Juska prezan se sèl D-C United ki kalifye pou faz final la ak 52 pwen. Unyon Football Eropeyen an otorize Izrayèl jwe match football sou teritwa l apre entèdiksyon 7 Out la pandan konfli Izrayèl ak Ezbola a.

Tennis

Espayòl Carlos Moya ranpòte 500 tièm viktwa nan karyè l apre li pase Andrei Pavel 2 kout rakèt 6-4, 7-6 nan tounwa tenis Boukarès la. Viktwa ki pral mete l fas a fas nan kar de final kont Italyen Filippo Volandri ki elimine Otrichyen Stefan Koubek 3-6, 6-2, 6-2. Garcia-Lopez ap rankontre franse Paul Henri Mathieu.

Siklisme

Siklis Kazakstan Andrey Kashechkin ranpòte 18 tièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la men konpatriòt li Alexandre Vinokourov toujou nan tèt klasman jeneral la ak 53 sekond devan siklis espayòol Alejandro Valverde. Konpetisyon an ap fini Dimanch nan vil Madrid.

XS
SM
MD
LG