Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Kidnapè Libere Direktè Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil la, Lemerc Pierre


Anplaye Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil la, OFNAC, fè konnen se yo menm ki peye kidnapè yo yon ranson ki fè yo libere direktè Lemerc Pierre.

Nan yon premye tan, bandi yo te mande 300 mil dola ameriken. Aprè negosyasyon ak anplwaye OFNAC yo, bandi yo te bese ranson an a 100 mil dola US.

Korespondan nou Rotchild Francois Junior di nou sanble bandi yo akspte yon ranson plizyè dizèn milye dola pou libere Msye Pierre.

Nan yon lòt devlopman, abitan Bel-Air, yon katye nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens, kalonnen kèk kidnapè ak kout ròch, aprè kidnapè yo te mennen nan zòn nan yon ti mounn yo te anlve. Abitan Bel-Air yo -- yon katye kote ganstè te konn opere -- di yo pap tolere okenn move zak nan katye sila a.

Ann Ayiti toujou, kèk ganstè vinn remèt zam yo bay otorite yo nan kad pwogram dezarmeman ke gouvènman ayisyen an met’ sou pye a. Pwogram sa a gen kòm sigle DDR ou Dezarmeman, Demobilizasyon e Re-insertion.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou aktyalite a ann Ayiti pou jedi 14 septanm 2006 la.

XS
SM
MD
LG