Accessibility links

Breaking News

Arjanten Riquelme Anonse Retrèt li nan Seleksyon an


Football

Mitan teren seleksyon Arjantin nan Roman Riquelme kap jwe nan Villareal anonse retrèt li nan seleksyon nasyonal arjanten an imedyatman akoz pwoblèm sante manmann ap soufri

Milan A.C. pilonen AEK dAtèn 3 a 0 nan group H la. Anderlecht fè match nul 1 a 1 ak Lille. Arsenal kale Hambourg 2 a 1. Lyon tronpe vijilans Real Madrid ak yon viktwa 2 a 0. Steaua de Boukarès pilon-nen Dinamo de Kiev 4 a 1. Manchester United te fè anpil efò avan li kale Celtic 3 a 2.

An Azi klub Sud Koreyen Ulsan van-nen klub Sawoudyen Al Shabab 6 a 0 nan kad match ale kar de final Lig dè Chanpyon Azyatik la. Match retou yo fikse pou 20 Septanb.

Isit Ozetazuni D-C United fè match nul 1 a 1 ak New England Revolution. FC Dallas tonbe devan Chivas USA 1 a 0. Kolorado Rapids ranpòte yon viktwa tou mens devan Chikago Fire 1 a 0.

Jounal Britanik Daily Mail rapòte vis prezidan FIFA a- Trinidadyen Jack Warner ta enplike nan la vant plizyè milye tikè pandan dewoulman koup du mond FIFA sot òganize an Almay e li ta vann yo nan mache nwa. Dapre enfòmasyon jounal la jwen Warner ta foure nan pòch li plis pase 900 mil dola. Pòt pawòl FIFA a Andreas Herren konfime ekzistans ankèt la men li rejte pawòl ki fè konprann yap kase fèy pou kouvri ankèt la. Pòt pawòl la di komite Ekzekutif FIFA a ap panche sou dosye a demen Vandredi a nan vil Zurik. FIFA te ekspulse pandan koup du mond la manb komite ekzekutif la Botswanè Ismail Bhamjee pou magouy lite fè nan vann 12 tikè Angletè/ Trinidad and Tobago a 380 dola pou yon tikè yo ki te vo 127 dola l’unite.

Dapre nouvèl yo se pa pou la premyè fwa FIFA ap ankete Warner pou vyolansyon kòd etik yo. An Fevriye FIFA te rale zòrèy Warner akoz li te jwe ak enfluyans li pou otorize yon konpayi fanmi l posede vann tikè koup du mond la. Nouvèl yo di Warner sèvi ak enfluyans politik pou jwen kontra kontruksyon yon stad ki koute plis pase 2 fwa la valè pri nòmal la.

Minis Defans Swis anonse yap mete a la dispozisyon òganizatè koup Deròp dè Nasyon 2008 la 15 mil dola ak lòt mwayen teknik pou garanti sekurite pandan dewoulman konpetisyon an. Anons sa a fèt apre palman Swis la aprouve yon asistans anviwon 8 milyon dola pou kouvri frè yo. Solda yo ap deplwaye nan 4 vil Swis kap akeyi konpetisyon-an Bal, Bern, Jenèv ak Zurik. Otrich kap akeyi konpetisyon an poko di dispozisyon yap pran pou garanti sekurite pandan konpotesiyon kap kòmanse an Jwen 2008 ant 2 peyi yo.

Komite òganizatè koup du mond FIFA 2010 kap dewoule an Afrik du Sud kòmanse konstruksyon Stad Nelson Mandela kap akeyi kèk rankont koup du mond la. REsponsab yo espere stad la kapab pare pou akeyi Koup Konfederasyon an an 2009. Stad sa a figure pami 5 nouvo stad kap konstrui pou akeyi konpetisyon an. Stad la ap koute anviwon 150 milyon dola.

Federasyon Football Gana a non-men Franse Claude Leroy kòm nouvo antrenè seleksyon an nan plas Sèb Ratomir Dujkovic ki demisyone apre Ganayen yo te elimine nan 2 zièm tou koup du mond Almay 2006 la malgre li manke 2 zan pou kontra l fini. Leroy te antrenè seleksyon Kameroun ki te ranpòte final koup dAfrik dè nasyon an devan Nijerya an 1988. Msye ap antre an fonksyon semen pwochèn nan. Nominasyon sa a fèt avan match amikal Gana gen pou jwe nan Yokohama kont Japon le 4 Oktòb epi Kore du Sud nan Sewoul 4 jou apre.

Kont a rebou pou 5 kièm edisyon koup du mond Football feminen FIFA Chin 2007 kòmanse. Nan Karayib la Ayiti ak Republik Dominikèn elimine pandan ke Jamayik ak Trinidad ap reprezante rejyon an nan ekzgonal final zòn nan. Seleksyon ki deja kalifye yo se Ostrali ak Kore du Nò, Novèj. Japon kalifye pou jwe yon match de baraj kont ekip ki klase 3 zièm nan ekzagonal final Konkakaf la. Konpetisyon an ap dewoule nan 5 vil Chinwa soti 10 pou rive 30 Septanb 2007 ak patisipasyon 16 peyi.

Ansyen antrenè seleksyon Italyen Marcello Lippi, ki sot ede Itali ranpòte koup dumond FIFA 2006 la, te pran la pawòl kòm envite donè nan okazyon senpozium FIFA / UEFA sot òganize nan vil Belen ak patisipasyon 52 antrenè Eropeyen ak 18 lòt ki te patisipe nan koup du mond la. Msye eksplike suksè l nan koup du mond la dabò se seleksyone pibon pami pibon jwè ki disponib--adapte taktik ak sistèm jwè yo deja abitye e fè ajusteman selon sikonstans la

Patisipan yo te diskute kesyon tankou entepretasyon lwa oje yo ke antrenè deklare ki pa gen oken lojik-Triple sanksyon kont ekip advès l pou nenpòt fot ki komèt nan kare a-yon penalite--ekspulsyon ak suspansyon yon match pou pou pipiti. jwè kap fè fent yo blese pou yo kapab pran anvantaj sou ekip advès la.

Antrenè yo sugjere pou ogmante kantite ranplasan pandan yon rankont 4 jwè de chan ak yon gadyen olye de 3 nan sistèm aktuèl la. Antrenè Eropeyen yo mande pou diminye enfluyans klub ki anpeche jwè yo vinn jwe nan seleksyon nansyonal lyo. FIFA pral analize rekömandasyon yo avan li transmèt yo bay otorite konpetan nan òganizasyon an ki kapab pote chanjman nesesè. Patisipan yo di FIFA pa dwe koute yo sèlman men tande yo tou.

Pami antrenè ki te patisipe nan panèl diskusyon yo nou jwen Luis Felipe Scolari, Carlos Alberto Parreira, Raymond Domenech ak Luis Goncalves.

Basektball

Chanpyon an tit basketball feminen an Etazuni ranpòte yon 2 zièm viktwa nan okazyon chanpyona du mond basketball kap dewoule nan Sao Paolo O Brezil. Delisha Milton make 13 pwen nan swif 79 a 46 ameriken yo ranpòte devan Nijerya. Lauren Jaskson make 31 pwen pou ede Ostrali tronse Senegal 95 a 55. Arjantin woule Espay 77 a 65. 4 jwè brezilyen make doub pwen nan rakle 106 a 86 Brezil pase Kore du Sud. La Frans koule Taiwan 100 a 68. La Rusi van-nen la Chin 86 a 66. Republik Chèk pa rankontre oken difikilte pou l kale Kuba 73 a 51. Lituani danse sou Canada 84 a 58.

Yon ansyen basketè ameriken Carl Malone ap fè fas ak akuzasyon kòm kwa li tap peye yon asosye l25 mil dola pou aksepte li tap fè la chas ilegalman. Avoka Karl Malone nan di ansyen vedèt NBA a pa janm ofri lajan e mande otorite pou anule aksyon an justis la. La polis te entèviewe Malone apre ensidan an men yo pat janm akuze l. Sidney Ray Davis bò kote pa l te plede koupab. Plentif la mande 95 mil dola domaj e enterè.

Tennis

Rus Nikolay Davydenko pral rankontre ak Slovèn Luka Gregorc nan 2 zièm tou tounwa tenis Open chinwa a.

Olympics

Vil Nòvejyen Oslo ak Lillehammer sugjere pou yo ta òganize an tandèm je zolempik Dhivè yo an 2018. 2 vil yo situe a 118 kilomèt distans. Lillehammer ta kapab akeyi ski epi Oslo ta kapab akeyi patinaj atistik ak okey sur glas. Komite Olenpik Nòvejyen an ap deside ane pwochèn vil kap reprezante peyi a.

XS
SM
MD
LG