Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Ganstè Kidnape Direktè Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil la, Lemerc Pierre


Kidnapè anlve responsab OFNAC la, Ofis nasyonal Aviyasyon Sivil la, Lemerc Pierre, lendi-swa nan moman Msye Pierre t’ ap antre lakay li nan Delmas 75.

Bandi yo mande yon ranson 100 mil dola ameriken avan pou yo libere Msye Pierre. Avan sa, kidnapè yo te mande 300 mil dola ameriken kòm ranson pou yo lague direktè a. Yo te aksepte bese ranson an aprè anplwaye OFNAC yo te negosye avèk yo.

Pandanstan, anplwaye aviyasyon sivil yo ap plenyen poutèt yo panse gouvènman ayisyen an pa fè ase pou l jwenn liberasyon Msye Pierre.

Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil la jwe yon gran wòl nan kontròl navigasyon ayeryèn e nan tabli règleman pou vòl ti avyon k’ap asire transpò nan pwovens yo ann Ayiti.

Gouvènman an fè konnen l’ap fè sa l kapab pou jwenn liberasyon Msye Lemerc Pierre.

Korespondan nou Rotchild Francois Junior repon kesyon Jacques Jean-Baptiste sou dosye sila a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj Rocthild la ak lòt pwen nan aktyalite a ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG