Chèf gouvènman ayisyen an, Jacques Edouard Alexis, enstale nouvo Komisyon Nasyonal Dezameman, Demanbreman ak Reentegrasyon an (KNDDR). Dapre msye Alexis, komisyon sa a gen misyon dezame e demanbre gang kap opere nan peyi a, epi ede reentegre nan sosyete a moun ki mele endirèkteman nan zak bandi (jèn an patikilye). Moun ki alatèt nouvo antite sa a se ansyen depite Alix Fils-Aimé, komisè polis nasyonal la, Fritz Jean, Jean-Baptiste Jean Philippe, Emmanuel Gouthier, Gaius Alphonse, Jean Alix Boyer ak madan Dilia Lemaire. Seremoni enstalasyon an te dewoule nan "Primature la" devan minis enteryè a, Paul Antoine Bien-Aimé e devan chèf Misyon Sivil Nasyonzini an'n Ayiti a (Minustah), Edmond Mullet, san bliye plizyè lòt pèsonalite.
Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a pou n' koute repòtaj Rotchild François jr.a, ki se korespondan Sèvis Kreyòl la nan peyi Dayiti.