Ayiti ap patisipe nan yon rankont Bank Entè-amerikèn Devlopman BID ap fè nan kapital Etazini an, Washington.
Younn nan reprezantan Ayiti yo nan rankont sa a, minis komès ak endistri a Maguy Durcé di lavwadlamerik chita tande sa a ap fèt nan kad asistans BID konte bay sektè komès la nan peyi mwenzavanse nan amerik latinn nan e nan Karayib la.
Minis Durcé di nou younn nan objektif patisipasyon l nan rankont BID la, se pou l fè enstisyon sa a dekese yon fon plizyè milyon dola li te pwomèt Ayiti, yon fon ki bloke depi ane 2001.
Minis komès e endistri Ayiti a Maguy Durce ansam ak direktè komès eksteryè nan ministè sa a, Clermont Ijoassin repon kesyon Ronald César e Lyonel Desmarattes.
Klike sou lyen anlè a pou w koute entèvyou minis komès Ayisyen an bay lavwadlamerik nan dat madi 12 septanm 2006 la.