Accessibility links

Breaking News

Jamayik ak Trinidad ap Reprezante Karayib la nan Ekzagonal Koup Do Konkakaf la


Football

Seleksyon feminen Jamayik ak Trinidad and Tobago kalifye pou faz final Konkakaf la apre yo elimine Ayiti ak Republik Dominikè n. Jamyiken yo kale Ayiti 3 a 0 pandan ke Trinidadyen danse sou Republik Dominikèn 7 a 0. 2 seleksyon yo( Jamayik ak Trinidad and Tobago) ap reprezante Karayib la nan ekzagonal final koup dò Konkakaf la an Novanm. 2 premye yo ap kalifye pou koup du mond football feminen an ki gen pou dewoule an Chin. 3 zièm nan ap kalifye pou jwe yon match de baraj kont yon seleksyon Azyatik.

Antrenè ki sot patisipe nan koup du mond FIFA Almay 2006 la retounen nan vil Berlen kote yap patisipe nan yon senpozìom ak diferan antite football. Patisipan yo gen pou panche sou aspè teknik koup du mond la, pwoblèm abitraj, sante ak dopaj. Patisipan yo pral gade fòmasyon antrenè yo adopte pandan koup du mond la par ekzanp 19 antrenè utilize yon fòmasyon 4-4-2--7 antrenè sèvi ak yon fòmasyon 4-5-1, yon antrenè sèvi ak 4-3-3,--5 antrenè sèvi ak 3-5-2. Antrenè Italyen Marcelo Lippi gen pou l pran la pawoèl pou l eksplike sa vle di men-nen yon seleksyon ranpòte yon koup du mond.

Minnesota Vikings ranpòte yon viktwa de justès devan Washington Redskins 19 a 16. Redsking rate yon kou fran nan fen rankont la pou l te egalize. Nan lòt match ki jwe yè swa San Diego Chargers pilon-nen Oakland Raiders 27 a 0. 11 ekip ranpòte viktwa an deplasman.

Klub football espayòl F C Barselòn ap kòmanse defann tit li te ranpòte nan Lig dè Chanpyon Eropeyen an jodi a lè lap rankontre Levski de Sofia. Klub Angle Chelsea ap akeyi Werder de Brem, Inter de Milan ap rankontre ak Sporting de Lisbòn epi Liverpool pral lakay PSV Eindovhen. Klub Turk Galatasaray pral mate balon fas ak klub franse Bordo. Olympiakos kont Valancia. AS Rom kont Shakhtar Donetsk epi klub Alman Bayern de Munick kont Spartak de Moskou.

FIFA ap chache òganize yon rankont ak franse Zinedine Zidane ak Italyen Matterazzi pou chache rekonsilye 2 footbalè yo ki koupe fache depi koup du mond la. Matterazzi di pòt la toujou louvri pou Zidane prezante ekskuz li.

Trinidad and Tobago gen pou rankontre ak Panama 7 Oktòb epi Meksik 11 Oktòb nan kad preparatif yap fè pou eliminatwa koup dö Konkakaf la ki gen pou dewoule Ozetazuni an 2007. Trinidadyen yo te anule rankont amikal yo te gen pou jwe kont Meksik ak Kolonbi mwa sa a.

Antrenè seleksyon espayòl Luis Aragones ap rete nan tèt seleksyon an apre federasyon football rejte demand lite fè pou ranplase l nan djòb la. Aragones te pwopoze pou l kraze yon kite sa apre defèt 3 a 2 seleksyon an te subi devan Irland du Nò nan eliminatwa koup dEròp dè Nasyon an. Federasyon football Bosnyak la rejte demand antrenè Blaz Sliskovic fè pou l demisyone apre defèt 3 a 1 seleksyn an subi devan Hongri Mèkredi.

Siklisme

Avoka kap defann siklis ameriken Floyd Landis mande pou rejte akuzasyon dopaj kap peze sou do kliyan apre li finn ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la. Avoka a chita sou teknikalite tès ki fèt kont Landis nan yon laboratwa franse akoz yon seri de erè. Yon komite kap revize dosye a kapab fè rekòmandasyon semen pwochè nan.

XS
SM
MD
LG