Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Pifò Peyi Nan Lemond ap Make Anivèsè Atanta 11 Septanm yo


Etazini ak pifò nasyon sou latè ap make senkyèm anivèsè atanta teroris ki te kraze World Trade Center nan New York, yon bò nan Pentagòn nan toupre Washington, tandiske yon twazyèm avyon ke teroris al Qayida te fè tounen misil tal kraze nan yon rakbwa nan eta Pennsylvani.

Jodi a, Prezidan Bush ap vizite tou lè 3 anplasman sa yo pou li make evènman sonb sa a. Pi gwo atak la te fèt nan New York. O total, prèske 3 mil moun te jwenn lanmò le 11 septanm 2001, men avèk lagè anti-teroris Etazini ak alye l' yo lanse depi dat sa a, bilan an ogmante seryezman.

Yè dimanch la, prezidan Bush ak Premyè Dam Laura Bush te vizite New York. Se nan ground zero, sant atanta a, ke msye Bush te tanmen 24 è komemorasyon sa a yè. Nan Legliz Sen-Paul, Reveran James Cooper te akeyi kou p prezidansyèl la ak lòt vizitè yo. Pè a di chapèl sa a se yon kote moun jwenn yon kanpo, kote yo jwenn renmen ak lespwa, yon mezon priyè pou tout moun. Msye Bush pap fè okenn diskou pandan jounen an, jiskaske li va pale ak pèp ameriken an, depi Lamezonblanch, aswè a, vè 9 è.

Pou w koute repòtaj nou an, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG