Accessibility links

Breaking News

Chanpyona Football Zepol Kare a Komanse


Football

Chanpyona footbal zèpòl kare a demare yè swa ak Pittsburgh Steelers ki remonte yon defisi pou l kale Miami Dolphins 28 a 17. Dimanch gen 13 lòt rankont nan okazyon premyè jounen chanpyona a kap gen 2 match chak Lendi.

Isit Ozetazuni demen Samdi a , D.C United ki kalifye pou faz final la ak 50 pwen, ap akeyi Real Salt Lake. Chikago Fire ap vizite Kolonbus Crew. New York Redbulls pral lakay New England Revolution. Kansas City Wizards ap akeyi Kolorado Rapids. Chivas USA pral mate balon fas ak FC Dallas epi Dimanch Los Anjeles Galaksi pral amuze l ak Houston Dinamo. An Itali--Inter de Milan ak Milan AC pati favori pou ranpòte chanpyona Seri A a

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou tounwa tenis US Open nan gras ak yon viktwa maraton li ranpòte devan ameriken James Blake 7-6, 6-0, 67, 6-4. Federer pral rankontre ak Rus Nikolay Davidenko ki monte yon maswife avan li kale alman Tommy Haas 4-6, 6-7, 6-3, 6-4, 6-4. Lòt semi final la ap mete bab pou bab Ameriken Andy Roddick ak Rus Mikhail Youzhny. Final la fikse pou Dimanch.

Bò kote meda m yo franse Amelie Mauresmo pral kwaze rakèt ak Rus Maria Sharapova epi Bèlj Justine Henin Hardenne ap rankontre ak Sèv Jelena Jankovic. Final la fikse pou Samdi.

Basketball

Espayòl Pau Gasol kap jwe nan Memphis Grizzlies ap subi yon operasyon jodi a nan pye goch li. Seleksyon bskeball feminen ameriken an ranpòte yon viktwa tou mens 56 a 49 devan Ostrali nan kad preparatif 2 seleksyon yo ap fè avan dewoulman koup du mond basketballl feminen an. Ameriken yo pral o brezil kote yo pral rankontre ak chanpyon an tit la Brezil nan Sao Paolo. 9

XS
SM
MD
LG