Accessibility links

Breaking News

Dezyèm Tès Marion Jones nan Negatif


Atletisme

Chanpyon Olenpik Ameriken Marion Jones lave de akuzasyon dopaj ki tap peze sou do l apre rezulta 2 zièm tès la negatif. Avoka atlèt la di manmzèl pa konnen kote pou l mete kò l tèlman li kontan. Si rezulta 2 zièm tès la te pozitif Jones ki ranpòte 5 meday Olenpik tap resevwa yon suspansyon 2 zan.

Responsab chinwa yo fè konnen yo suprann 4 ekolye nan lekòl nan sant la Chin ki tap utilize dròg dopaj-2 zièm ensidan. Buwo Spòtif chinwa a fè 4 atlèt yo ki te ranpòte meday dò nan lut ak leve de pwa nan rankont ki te dewoule mwa pase a ap pèdu prim yo epi resevwa yon entèdiksyon. Rezulta tès sa a anbarase otorite chinwa yo kap pare pou akeyi je zolenpik yo an 2008.

Tennis

Swis Roger Federer ap rankontre ak ameriken James Blake nan kar de final tounwa tenis US Open nan nan New York. Venkè rankont la ap rankontre ak venkè rankont kap dewoule ant Rus Nikolay Davydenko ak alman Tommy Haas. Yè swa ameriken Andy Roddick kalifye pou semi final la apre li woule ak kout rakèt Ostralyen Lleyton Hewitt 6-3, 7-5, 6-4. Roddick pral rankontre ak Rus Mickhail Youzhny ki surpran bonanj espayòl Rafael Nadal 6-3, 5-7, 7-6, 6-1. Bò kote meda m yo franse Amelie Mauresmo kalifye pou semi final la gras ak â kout raKèt li pase Rus Dinara 6-2, 6-3. Mauresmo pral kwaze rakèt ak Rus Maria Sharapova ki monte yon maswife avan li kale frane Tatiana Golovin 7-6, 7-6. Bèlj Justine Henin-Hardenne tronse ameriken Lindsay Davenport 6-4, 6-4 pou l al rankontre ak Sèb Jelena Jankovic.

Football

FIFA anonse komite ekzekutif la pral ekzamine dosye Montenegro pou l vinn manb òganizasyon spòtif entènasyonal la. Responsab Football Montenegro a Dejan Savicevic renmèt dosye yo ofisyèlman yè Mèkredi a. Montenegro separe ak Sèbi ofisyèlman apre referandum 5 Jwen an. Sèbi toujou rekonèt entènasyonal man kòm yon seleksyon football. Komite Ekzekutif se premye etap pou Montenegro vinn manb FIFA sepandan Kongrè FIFA a dwe aprouve demand la apre yo pase 2 zan pou pipiti kòm manb pwovizwa Unyon Football Eropeyen an.

La Frans pilon-nen Itali 3 a 1 nan kad match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon nan sa obsèvatè yo konsidere yon revanch defèt yo te subi nan koup du mond FIFA a. Sidney Govou make 2 gòl epi Thierry Henry make yon löt gòl pou kore viktwa a nan group B a. Franse yo gen 6 pwen pou 2 viktwa aloske Italyen gen yon pwen. Nan kèk lòt rankont la Rusi fè match nul 0 a 0 ak Kwasi. Azerbaijan konsole l ak yon nul 1 a 1 fas a Kazakshstan. Angletè ranpòte yon viktwa tou mens devan Masedwa n 1 a 0. Irland du Nò suprann Espay ak yon viktwa 3 a 2 epi Findland fè match nul 1 a 1 ak Portugal. Almay limen Sen Maren 13 a 0.

Isit Ozetazuni Chikago Fire woule D.C United 3 a 0 pou l kalifye pou final koup US Open nan. Chikago pral rankontre ak Los Anjeles Galaksi ki elimine Houston Dinamo 3 a 1.

Nan lòt nouvèl ansyen antrenè seleksyon Brezil la( 1990) Sebastiao Lazaroni pèdu djòb antrenè klub Turk Trabzonspor apre yon movèz pèsòmans klub renmèt nan chanpyona premyè divizyon an. Ekip la klase 11 zièm ak 4 pwen apre 4 match. Sa gen 4 mwa depi Sebastiao tap antrene ekip la.

Sezon football zèpòl kare a ap louvri jodi a lè Miami Dolphins ap vizite kont chanpyon an tit la Pittsburgh Steelers. Aksyon ap kontinye Dimanch ak 13 lòt rankont. NFL la ap kòmanse sezon an ak 2 rankont chak Lendi swa.

Basketball

Seleksyon Basketball Espay la ki sot ranpòte koup du mond basketball resevwa pri Asturias spòtif la pou ane 2006 la.

XS
SM
MD
LG