Accessibility links

Breaking News

Sitiyasyon Sekirite a Kontinye Bay Otorite yo Kè Sote Nan Peyi Dayiti


Kèk palmantè ayisyen rejte pwopozisyon konfrè yo fè pou manb polis nasyonal la ta garanti sekirite yo endividyèlman. Korespondan nou Rotchild François Junior di nou kèk manm palman an te fè pwopozisyon sa a apre bandi ame te kidnape yon kòlèg yo semèn pase a.

Nan vil Gonayiv, pou yon dezyèm fwa nan semèn nan enkoni tire ankò sou lokal polis la tandiske nan vil Okay otorite yo arete yon enkoni yo akize ki kite vil Pòtoprens pou l' al kache nan zòn nan apre krim li ta swadizan komèt nan kapital la.

Jean Lyonel Desmarattes ak Marie-Luce Pierre pral devlope tèm sa a avèk depèch korespondan Rotchild François jr., Alfred Jean epi Jean Ernest Eliscar.

Ale sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou n' tande devlopman tèm sa yo

XS
SM
MD
LG