Accessibility links

Breaking News

Fanatik Tenis yo ap Pare pou Akeyi Agassi


Tennis

Ansyen chanpyon ameriken Andre Agassi ap retounen sou teren an jodi a kote li pral rankontre ak chipriòt Marcos Bagdathis. Lòt rankont jounen an ap mete bab pou bab espayòl Rafael Nadal fas ak peruvyen Luis Horna.

Bò kote meda m yo bèlj Justine Henin Hardenne ap rankontre ak ameriken Vania King. Franse Amelie Mauresmo kont ameriken Meghann Shaughnessy. Rus Maria Sharapova kont franse Emilie Loit epi ameriken Serena Williams kont Slovak Daniela Hantuchova.

Bò kote mesye yo Ostralyen Lleyton Hewitt kont Tchèk Jan Hernych. Espayòl Tommy Robredo kont Sud Koreyen Lee Hyung-Taik.

Yè swa Franse Amelie Mauresmo ak Swis Martina Hingis kalifye pou 2 zièm tou tenis US Open nan. Mauresmo kale alman Kristina Barrois 6-1, 7-5. Hingis woule chinwa Peng Shuai 4-6, 6-1, 6-3. Ameriken Serena Williams suprann bonanj espayòl Lourdes Dominguez Lino 6-1, 6-2.

Bò kote mesye yo Swis Roger Federer pat rankontre oken difikilte pou elimine Taiwanè Wang Yeu-tzuoo 6-4, 6-1, 6-0. Espayòl Rafael Nadal te bezwen 3 manch pou l debarase l de Ostralyen Mark Philippoussis 6-4, 6-4, 6-4.

Basketball

La Frans ranpòte yon viktwa de justès de Almay 75 a 73 nan kad match de klasman chanpyona du mond basketball ki dewoule nan Saitama o Japon. Turki te bezwen pwolongasyon pou l kale Lituani 95 a 84. Franse yo ap rankontre ak Turki Samdi pou match kièm plas la pandan ke Almay prak diskute 7 tièm plas la Dimanch fas a Lituanie.

Semi final la fikse pou demen Vandredi lè Arjantin ap rankontre ak Espay epi chanpyon Eropeyen an la Grès pral mate balon fas Etazuni. Pèdan yo ap rankontre Samdi nan match klasman pou 3 ziém plas pandan ke gayan yo ap rankontre an final Dimanch.

Ansyen basketè ameriken Patrick Ewing kraze yon kite sa kòm asistan antrenè Houston Rockets pou l kapab pase plis tan ak fanmi l. Ewing, pase 17 sezon nan NBA, pase 3 zan nan djòb la. Ewing te pase yon ane kòm asistan antrenè nan WAshington Wizards.

Vedèt basketball ameriken Allen Iverson kapab gen pou ale nan tribunal apre 4 moun asiyenn pou 2 milyon 400 mil dola pou tèt li te anplwaye 4 ajan sekurite ki te fè 4 akuze yo pase yon move moman nan yon night klub.

Atletisme

Kourè Jamayiken Asafa Powell ranpòte yon lòt tit 100 mèt nan moman lap pare pou l patisipe nan final Golden League . Jamayiken Michael Frater fini 2 ziém ak Ameriken Shawn Crawford fini 3 zièm nan Koup Pedro ki tap dewoule nan Varsovi an Polòy. Powell figure pami atlèt kap chache yon pati nan 1 milyon dola bonus konpetisyon kap dewoule nan vil Berlen an Almay Dimanch. Lajan an pataje ak atlèt ki ranpòte kategori yo nan tout 6 konpetisyon Golden League la. Ameriken Jeremy Wariner ap reprezante kous 400 mèt la, Etyopyen Tirunesh Dibaba nan kous 5 mil mèt feminen an epi ameriken Sanya Rochards nan kous 400 mèt feminen an.

Football

Nouvèl ki publiye nan yon stasyon radyo an Espay fè konnen Ronaldo ap retounen nan Inter de Milan an Itali an retou konpatriòt li Adriano prale jwe nan Real Madrid.

Defansè seleksyon Nasyonal Ejipt la, Mohammed Abde Wahad, mouri ak yon kriz kadyak nan moman li tap patisipe nan yon seyans dantrenman ak klub Al-Ahly. Msye te nan defans seleksyon Ejipt la ki sot ranpòte koup dAfrik dè Nasyon an an Fevriye.

Juventus de Turen ki te depoze plent devan yon tribunal administratif pou konteste desizyon otorite football yo pran pou desann li nan 2 zièm divizyon, kapab renonse ak aksyon an jujman an dapre deklarasyon prezidan klub la fè yè swa nan vil Wòm. Responsab yo te desann Juve nan 2 zièm divizyon ak pèt 17 pwen epi retire 2 dènye tit li te ranpòte nan chanpyona a, pou patisipasyon nan magouy li ta fè nan chanpyona premyè divizyon Italyen an.

Federasyon football Angle a frape Chelsea yon amand plis pase 60 mil dola akoz li pa respekte règleman federal ke entèdi klub yo teste jwè yo pou dopaj an prive.

Cyclisme

Ansyen chanpyon tour de Frans Alman Jan Ullrich jwen yon antant ak ansyen ekip T-Mobil pou l anule kontra li te gen ak yo apre yo te revoke nan skandal dopaj li te mele an Espay. Eskandal sa a te pouse responsab Tour de Frans yo entèdi Ullrich ansanm ak plizyè lòt siklis pou yo pat patisipe nan konpetisyon an.

XS
SM
MD
LG