Basketball
La Grès rete an vi nan chanpyona du mond basketball kap dewoule o Japon apre yo elimine la Frans 73 a 56 bab jar de fiinal la. Grèk yo ap rankontre an semi final Vandredi swa ak Etazuni ki elimine 85 a 65 Almay. Lòt semi final la ap mete fas a fas Arjantin kont Espay. Etazuni pa ranpòte oken meday ni mondyal ni olenpik depi anviwon 6 zan.
Doulè anpeche vedèt basketball Kanadyen Steve Nash patisipe nan rankont Phoenix Suns gen pou fè an Afrik du Sud soti 6 pou rive 10 Septanb. Men nouvèl yo fè konnen msye kapab anfòm avan debu sezon NBA a.
Golden State Warriors ak antrenè Mike Montgomery jwen yon antant pou yo chak pran yon wout diferan apre ekip la pèdu 2 sezon afile kote li vini ak 34 viktwa 48 defèt. Warriors yo pa bay detay sou aspè finansye separasyon an. Montgomery rete 2 zan sou kontra 10 milyon dola pou yon period 4 tran li te siyen ak ekip la. ESPN ak Associated Press rapòte Don Nelson ta dakò pou l pran tèt ekip la. Responsab yo ap bay yon konferans de près aswè a. Don Nelson te antrene Milwaukee Bucks, New York Knicks ak Dallas Mavericks soti 1998 a 2005.
Tennis
Pou yon 2 zièm jounen afile la pli gate plizyè match tenis US Open nan nan New York. Òganizatè yo oblije fè match yo jwe yon lòt jou ak espwa la pli pap deranje rankont yo. .
Football
Footbalè franse Zinedine Zidane renonse ak tranch plis pase 7 milyon dola ki rete nan dènye kontra li te siyen ak Real Madrid avan li anonse retrèt li. Zidane fè konnen li pap resevwa yon santim nan men klub la pou sèvis li pran rann swa kòm konseye pepinyè klub la ou byen kòm anbasadè Real Madrid nan nivo entènasyonal. Nouvèl yo konfime desizyon Zidane pran pou l pa al jwe nan oken lòt klub eksepte Real Madrid nan ka li ta chanje lide. Gen posibilite pou Real Madrid òganize yon match jubile an favè Zidane ak yon rankont ak seleksyon franse a.
Birmani kale Endonezi 2 a 1 pou l ranpòte 38 tièm edisyon kwadrangulè koup Merdeka a ki tap dewoule nan Malezi. SA fè Birmani 4 trièm tit li ranpòte nan konpetisyon ki te kòmanse an 1957. An plis de Birmani ak Endonezi nou jwen Malezi ak Tailand ki te patisipe nan tounwa a 4 nasyon an.
Cyclisme
Siklis Alman Erik Zabel ranpòte 4 trièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la men Novejyen Thor Hushovd toujou nan tèt klasman jeneral la. ak 27 sekond. 5 kièm etap la ap kouvri jodi a 178 kilomèt.