Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Ernesto Fè Omwen 2 Mò Nan Peyi dAyiti


Nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti fè konnen tanpèt twopikal Ernesto touye omwen 2 moun sou kòt sid la tandiske gwo lapli move tan an jete nan divès zòn koze inondasyon, detwi jaden ak zannimo elatriye. Alfred Jean ak Renan Toussaint touche pwen sa a nan 2 repòtaj.

Renan pale tou sou deklarasyon sevè kèk manm Palman an ki estomake pou fason gouvènman an ap fè fas --oubyen pa fè fas-- ak pwoblèm ensekirite a.

Nan Kap-Ayisyen, Yvan Martin Jasmin di nou lapolis we anba baton kèk moun yo arete nan kad yon ankèt sou vòl zam yon sòlda MINUSTAH.

Nan Plato Santral la, twa lokalite benefisye yon asistans Inyon Ewòp la pou yo lanse aktivite devlòpman, dapre yon korespondans Jn-Christophe Collègue.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj sa yo an detay.

XS
SM
MD
LG