Accessibility links

Breaking News

FIFA Menase pou l Sanksyone Football an Itali


Football

Venkè Lig dè chanpyon Eropeyen an Barselòn ap rankontre ak Seville nan match Super koup Espayòl la kap dewoule nan Monte Carlo. Barselòn pral chache yon 3 zièm tit gras ak prezans nouvo venu Gianluca, Lilian Turham epi Eidur Gudjohnsen. Aloske Seville ki gen yon palmarès 34 viktwa-63 defèt ak 27 nul fas a Barselòn, gen sèvis danwa Christian Poulsen, alman Andreas Hinkel, ak Urugweyen Ernesto Chevanton.

Klub football Italyen Juventus de Turen, ki desann nan 2 zièm divizyon pou patisipasyonn nan yon eskandal football, mennen afè a devan yon tribunal sivil ak posibilite pou l fè fas ak plis sanksyon bò kote federasyon football Italyen an ak FIFA. Juventus, ki non sèlman desann nan 2 zièm divizyon men tou li pèdu 17 pwen, juje sanksyon yo twò sevè. Federasyon Football Itali a menase retire yon lòt 3 pwen kont Juventus akoz li men-nen dosye a devan yon tribunal sivil. Federasyon an reyaji apre FIFA menase pou l entèdi tout klub football Italyen ansanm ak seleksyon nasyonal la pou yo pa patisipe nan oken konpetisyon entènasyonal. Menas sa a fèt nan moman seleksyon Italyen ap pare pou patisipe nan eliminatwa koup dEròp dè Nasyon 2008 la..

Negosyasyon kap fèt pou Ronaldo ta transfere soti nan Real Madrid pou al jwe nan Milan AC kanpe nan wout pou rezon finansye. Dapre kèk jounal espayòl Real Madrid sanble ekzije plis pase 35 milyon dola pou Ronaldo aloske emisè Milan AC yo pwopoze plis pase 25 milyon dola. An plis de pwoblèm finansye Milan refuze boukante brezilyen Kaka nan echanj la imedyatman. Sanble responsab Milanè yo vle pou Kaka ta vinn jwe nan Real Madrid nan pwochen sezon an. Si negosyasyon yo ta echwe Ronaldo kapab retounen nan Inter de Milan kote li pase 5 kan ap woule balon.

D.C. United kale New York Redbulls 3 a 1 pou l kalifye pou semi final tounwa US Open nan. DC United pral rankontre Chikago Fire ki kalifye tou apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan New England Revolution. Houston Dinamo kalifye pou semi final la apre yon wonfle FC Dallas 3 a 0. Houston pral rankontre Los Anjeles Galaksi ki elimine Kolorado Rapids gras ak yon rakle 3 a 1 an pwolongasyon. Ayisyen Fabrice Noel jwe 70 minit nan rankont la pou Kolorado Rapids.

Klub Olandè Ajax Amsterda m elimine nan chanpyona Lig dè chanpyon Eropeyen an apre defèt 2 a 0 yo subi devan FC Copenhagen. Lille, Spartak de Moscou, Galatasaray, Dynamo de Kiev ak Steaua Bucharest , Liverpool, Milan AC, Benfica ak Hambourg yo tout kalifye pou pwochen tou a.

Lilian Thuram ak Claude Makelele figure pami 20 jwè antrenè seleksyon franse Raymond Domenech konvoke nan kad preparatif eliminatwa koup dEròp dè Nasyon 2008 la.

Basketball

La Frans, La Chin, Nouvèl Zeland ak Ostrali kalifye pou 8 tièm de final chanpyona du mond basketball kap dewoule O Japon apre yo kale Venezuela 81 a 61. Franse yo ap rankontre ak Angola Dimanch. Arjantin remonte yon defisi 8 pwen nan dènye kar dhè a avan li kale Sèbi e MonteNegro 83 a 79. Nan group B a Dirk Nowitzki make 47 pwen nan viktwa 108 a 103 Almay ranpote devan Angola an 3 pwolongasyon. Alman yo fini premye tou a ak 4 viktwa 1 defèt pandan ke Angola fini ak 3 viktwa 2 defèt-2 ekip yo kalifye pou faz dechoukaj la. Nan lòt rankont Ostrali tronse Katar 93 a 46.

La Chin ranpòte yon viktwa de justès devan Sloveni 78 a 77. Nijerya kale Liban. Espay benyen Japon 104 a 55. Sèbi ak Montenegro, Liban ak Nijerya fini ak 2 viktwa 2 defèt--Sèbi ak Montenegro ak Nijerya kalifye dapre rezulta rankont ki te jwe ant 3 peyi sa yo. Brezil, Japon ak Porto Riko elimine nan konpetisyon an. Faz dechoukaj la ap kòmanse Samdi nan Saitama. Tounwa a ap fini le 3 Septanb.

Pat Riley anonse lap retounen kòm antrenè Miami Heat li sot ede ranpòte premye trofe l sezon pase a. Deklarasyon sa a mete nan fen nan pawòl ki tap pale kòm kwa li tap pran retrèt li. Pat Riley ki gen 61 an pase 22 zan kòm antrenè e li ranpòte yon total 5 tit ak 2 lòt kòm jwè. Yon lòt kote franse Tony Parker gen pou l pase 1 mwa edmi an deyò teren an apre li te pran yon zòbòy nan chanpyona du mond basketball la o Japon.

Ansyen basketè ameriken Lonny Baxter pral pase 2 mwa prizon apre li plede koupab ke li te an posesyon yon revolvè tou pre Mezon Blanch la. FBI te arete l ansanm ak yon pasaje apre okipan nan yon machin te tire nan zòn nan an plis de msye pat gen lisans pou pote za’m.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer ap rankontre ak Taiwanè Wang Yey-tzuoo pandan ke numewo 1 feminen an franse Amelie Mauresmo ap rankontre ak yon advèsè enkonu apre tiraj osò tounwa tenis US Open nan kap kömanse Lendi. Espayòl Rafael Nadal ap rankontre ak Ostralyen Mark Philippoussis ki resevwa yon envitasyon espesyal. Kwat Ivan Ljubicic ap rankontre ak espayòl Feliciano Lopez.Arjanten DAvid Nalbadian pral mate balon fas a alman Michael Berrer. Ameriken Andre Agassi kap patisipe nan dènye tounwa tenis Gran Shelem avan li pran retrèt li ap rankontre ak woumen Andrei Pavel.

Bò kote meda m yo bèlj Justin Henin Hardenne ap rankontre ak Maria Elena Camerin, Rus Maria Sharapova pral boukante balon ak Olandè Michaella Krajicek epi Rus Elena Dementieva fas ak ameriken Laura Granville daprè tiraj osò ki dewoule yè Mèkredi a nan Flushing Meadow nan New York.

XS
SM
MD
LG