Palmantè ayisyen Frantz Robert Monde menase pou’l mande Palman an konvoke chèf gouvènman an si’l pa pran mezi pou mete yon fen nan pwoblèm ensekirite a ann Ayiti.
Msye Monde, yon depite ki gen enfliyans nan chanm bas la, di tou li pa gen konfyans nan chèf gang yo ki te ofri pou yo depoze lèzam nan kòmansman semèn nan.
Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild Francois Junior prepare yon repòtaj sou dosye sila a.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj Rotchild la ak lòt repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou mèkredi 23 out la.