Accessibility links

Breaking News

Depite Ayisyen yo Voye Jete Kòm Inadmisib Egzijans Lidè Gang Site Solèy Yo


Plizyè depite ayisyen an rejte demann chèf gang ame kap opere nan zòn kapital la, Pòtoprens, ki reklame pou gouvenman an revoke manda arestasyon kap peze sou tèt lidè bann ame yo. Yon pòtpawòl chèf gang yo te prezante ekzijans sa a lendi 21 out la apre anilasyon yon seremoni kote yo te sipoze remèt zam yo bay yon reprezantan polis nasyonal la an prezans la press ak manm kominote entènasyonal la. Seremoni an te dwe dewoule nan Site Solèy, youn nan pi gwo bidonvil ki genyen nan kapital ayisyen an. Pòtpawòl la fè konnen yo pa ka remèt zam yo pandan Minustah lage koukouwouj dèyè lidè gwoup ame nan "Pele Simon" --yon katye ki nan antre nò vil Pòtoprens-- e ap tire nan Site Solèy.

Ale sou ralonj ki anlè atik sa a pou n' tande repòtaj R.F jr. a

XS
SM
MD
LG