Accessibility links

Breaking News

FIFA ap Pare pou l Pran Mezu Disiplinè kont Kwasi


Football

Federasyon Football Entènasyonal la FIFA kòmanse yon aksyon disiplinè kont Kwasi apre 200 fanatik te fòme yon kwa ki reprezante senbòl Nazi nan okazyon match amikal ant Kwasi ak Itali Mèkredi--yon match Kwat yo te ranpòte 2 a 0. FIFA rete kwè atitud fanatik yo kapab yon vyolasyon règleman anti rasis. FIFA poko di ki mezu disiplinè yo kapab pran kont responsab yo men yon pòt pawòl di sanksyon yo kapab grav. La polis Kwat ap chache idantifye endividu yo.

Nan lig football balonwon ameriken an D-C United ap akeyi ayisyen Fabrice Noel ak Kolorado Rapids. New York Red Bulls ap fè yon kout pye lakay Colonbus Crew. Real Salt Lake ak akeyi ak bra louvri Houston Dinamo. Chivas USA kont Kansas City Wizards.

Tennis

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen Swis Martina Hingis ap rankontre ak Rus Svetlana Kuznetsova nan kar de final koup Rogers la kap dewoule nan Montreal Kanada. Nan lòt rankont Rus Dinara Safina ap rankontre ak Ostralyen Nicole Pratt. Anna Chakvetadze kont Izrayelyen Shahar Peer

Bò kote mesye yo espayòl Rafael Nadal ap rankontre ak konpatriòt li Juan Carlos Ferrero. Adolesan britanik Andy Murray ap jwe kont ameriken Andy Roddick nan tounwa tenis dè Mè yo kap dewoule nan Cincinnati Ohio.

Ap gen yon nouvo chanpyon feminen nan tounwa tenis US Open nan ane sa a apre chanpyon an tit la bèlj Kim Clijsters anonse lap rate konpetisyon an akoz yon pwoblèm nan pye--yon blesu li resevwa nan tounwa tenis Koup Rogers la. Manmzèl kapab pase 2 mwa san li pa jwe tenis.

Basketball

Basketè franse Tony Paker, kap jwe nan San Antonio Spurs pap patisipe nan koup du mond Basketball la O Japon akoz li pran yon zòbòy nan men dwat li. Responsab yo anonse msye ap antre nan San Antonio Tekzas pou l resevwa swen.

Atletisme

Kourè ameriken Chris Carter ranpote premye meday doè pou Etazuni nan kous 400 mèt obstak chanpyona du mond atletisme kap dewoule nan Peken an Chin. Msye fini an devan Sawoudyen Bandar Sharheli ak Ukrenyen Stanislav Melnykov. Kourè Estonyen Marek Niit ranpòt kous 200 mèt maskulen an apre kourè Ukreyen Dmytro Ostrovsky te diskalifye pou tèt li te kouri an deyò liy la.

Bulgar Tezdzhan Naimova ranpòte meday dò nan kous 200 mèt feminen an. Kenyan David Lekuta Rudisha ranpòte kous 800 mèt maskulen an. Moldavyen Olga Cristea ranpòte 800 mèt feminen. Apre 4 jou konpetisyon Kenya pran tèt klasman jeneral la ak 8 meday pami yo 3 an ò devan la Chin kigen 6 meday pami yo 3 an ò.La Rusi klase 3 zièm 5 meday pami 3 an ò. Konpetisyon an ap fini Dimanch.

Natation

Najè ameriken Michael Phelps diminye pwòp rekò du mond li te bat nan kous 200 mèt papiyon an nan okazyon chanpyona natasyon Pan Pasifik la kap dewoule nan Victoria o Kanada. Phelps kouvri 200 mèt an 53 pwen 80 santièm de sekond pi long ke rekò lite bat nan Barselòn an Juyè 2003. Ostralyèn Jessicah Schipper bat rekò nan kategori feminen an. Japonè Yuko Nakanishi fini 2 zièm devan konpatrìot li Yurie Yano.

Boxe

Boksè ameriken Evander Holyfield anonse lap retounen sou ring pou l mare batay kont ameriken Jeremy Bates jodi a. Holyfield menm fè konnen posobilite pou l ta patisipe nan Je zolenpik kap kòmanse nan vil Peken an Out 2008.

XS
SM
MD
LG