Accessibility links

Breaking News

Pa gen gwo Chanjman nan Klasman FIFA Publiye Chak Mwa


Football

FIFA publiye kalifikasyon seleksyon mondyal yo ap Brezil toujou klase numewo 1 mondyal pandan ke Meksik monte rive 16 zièm. Pa gen chanjman pami 15 premye yo. Brezil rete numewo 1 answit nou jwen Itali, Arjantin, la Frans, Angletè, La Oland, Espay, Pòtugal, Almay ak Republik Chèk. Nan zòn KONKAKAF la Meksik klase 16 zièm epi Etazuni glise pou l tonbe nan 23 zièm plas. Norvèj retounen pami 50 seleksyon mondyal swa nan 49 vièm pozisyon epi Gwatemala klase 50 tièm.

Ostrali tounen premye peyi ki kalifye pou pwochen chanpyona football Azyatik la gras ak yon viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Koweit nan Sidney.. Japon ak Kore du Sud rapoche yo de yon kalifikasyon. Kore du Sud bay nouvo antrenè Pim Berbeek premye viktwa apre yo woule Taiwan 3 a 0 nan yon rankont ki te dewoule nan Taipei. Kore du Sud domine group B a ak 6 pwen. Bò kote pa l Japon kale Yemen 2 a 0 pou l pataje group A a ak Arabi Sawoudit ki kale End 3 a 0 nan Kolkata. Nan lòt rankont Katar ranpòte 3 zièm viktwa l apre li danse Bangladesh 4 a 1. Katar nan tèt group F la ak 9 pwen. La Chin ranpòte yon viktwa de justès devan Sengapour 1 a 0 pou l domine group E-a ak 6 pwen. 2 premye nan chak 6 group yo ap kalifye pou faz final la. Ostrali, Endonezi, Tailand, Vyetnam deja gen tikè yo.

Yon tribunal nan Sengapour akuze ansyen antrenè seleksyon Malezi a Chow Kwai pou magouy nan bay yon gadyen kout lajan anba tab pou l kite gòl pase. Otorite yo libere msye sou kosyon apre li depoze plis pase 12 mil dola kòm garanti. Chow rejte akuzasyon an. Si la justis jwen Chow koupab li kapab pase 5 kan prizon epi peyi plis pase 63 mil dola amand. Federasyon football peyi a di Chow papab resevwa yon entèdiksyon avi si tribunal la jwen li koupab kòm magouyè.

Footbalè ameriken Clint Dempsey kap jwe nan New Engand Revolution sou ban-d-touch la pou 2 match epi pou l peye mil dola amand pou movez kondwit.

Plizyè seleksyon nasyonal te sou teren an yè Madi a nan yon okazyon match amikal entènasyonal. Espay fè match nul 0 a 0 ak Iceland--yon rankont antrenè espayòl Luis Aragones dekri kòm move rankont seleksyon an janm jwe. Ukrèn danse sou Azerbaijan 6 a0. Gana tronse Togo 2 a 0. Slovaki pat rankontre twop difikilte pou l kale Malt 3 a 0. Sloveni fè match nul 1 a 1 a k Izrayel. Peyi dè Gal retounen nan Vestyè a dozado ak Bulgari ak yon rezulta 0 a 0. Gabon woule Aljeri 2 a 0.

Jodi a la Frans ap rankontre ak Bosni Herzegovinn nan Sarajevo. Plizyè antrenè ap fè debu yo tou jodi a Alman Joachim Low ap fè debu l lè Alman yo ap rankontre ak la Swèd. Menè de je seleksyon an Michael Ballack pap prezan nan rankont sa a men kapab sou teren nan okazyon match kalifikatif koup dErop dè Nasyon an ant Almay ak Irland le 2 Septanb. Dunga kap nan tèt Brezil pap gen sèvis Ronaldo, Ronaldinhho ak Kaka lè yap rankontre ak la Norvèj. Steve McClaren pral fè debu ak Angletè kap rankontre ak la Grès san prezans David Beckham. Roberto Donadoni konvoke yon sèl jwè ki te patisipe nan ansyen seleksyon an kap rankontre ak Kwasi. Premye tès la Donadoni pral fè lè Itali ap rankontre la Frans le 6 Septanb nan kad kalifikatif koup dEròp dè Nasyon an. An fèt se yon bon debu pou nouvo antrenè ki pral prouve abilite yo pou men-nen seleksyon nan bon direksyon. Match kalifikatif koup dErop̀ dè nasyon an ap demare jodi a ap 3 rankontre.

Atletisme

Kourè Britanik Harry Aikines-Aryeetey ranpòte meday dò nan kous 100 mèt chanpyona du mond Atletis kap dewoule nan Peken an Chin. Aryeetey ki gen 17 an fini an premyè pozisyon devan Kanadyen Justyn Warner ak Jamayiken Yohan Blake. Bò kote meda m yo Bulgar Naimova Tezdzhan Naimova ranpòte meday dò nan kous 100 mèt la. Etyopyen Ibrahim Jeilan Gashu ranpòte kous 10 mil mèt epi Ostralyen Robert Crowther ranpòte so an longè a.

Basketball

Seleksyon nasyonal basketball maskulen ameriken an pral eseye okipe numewo mondyal lè lap patisipe nan koup du mond Basketball Samdi O Japon. 24 peyi ki divize an 4 group ap patisipe nan konpetisyon kap konte pou je zolenpik Peken 2008 yo. Tounwa a ap dewoule nan vil Hiroshima, Hamamatsu, Sapporo ak Sendai. Final la fikse pou 3 Septanb nan Saitama.

Nan group A nou jwen Arjantin, la Frans, Nijerya, Sèvi ak Montenegro, Venezuela epi Liban. Group B a gen ladann Espay, Almay, Nouvèl Zeland, Japon, Angola ak Panama. Group C-a gen Lituani, Brezil, Katar, Grès, Turki ak Ostrali. GRoup D a se Etazuni, Itali, la Chin, Porto Riko, Senegal ak Sloveni.

Vedèt Basketball ameriken Shaquille O’Neal dako`pou l fè pwomosyon pou yon ekipman spòtif ki fabrike an chin pandan 5 kan. Menm lè pa gen detay sou kontra a men medya yo kontra vo 1 milyon 250 mil dola. Ojektif antrepriz Li Ning nan se chache antre sou mache entènasyonal la. An palan de Basketball la Frans ap mete sou teren an meyè jwè li genyen kap evolye nan lig baskeball ameriken an lè yap patisipe nan koup du mond Basketball kap demare O Japon a pati de 19 Out. Franse yo pral konte sou sèvis Tony Parker, Boris Diaw, Gelabale ak Turiaf.

Tennis

Anna-Lena Groenefeld kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Koup Rogers la kap dewoule nan Montreal Kanada gras ak 2 kout rakèt li pase Julia Schruff 6-3, 6-3. Espayol Rafael Nadal pase yon move moman avan li elimine ameriken Sam Querrey 6-7, 6-2, 6-3 nan tounwa tenis dè mèt kap dewoule nan Cincinnati, Ohio.

XS
SM
MD
LG