Accessibility links

Breaking News

La Rusi Ranmase Prèske Tout Meday nan Chanpyona Atletis Eropeyen an


Atletisme

Responsab Atletis yo an Eròp kase rande vou nan vil Barselò an Espay kote pwochen chanpyona Atlis Eropeyen an pral dewoule an an 2010. Konpetisyon ane sa a ki te dewoule nan Goterburg an Swèd fini yè Dimanch ak la Rusi fè koukouwouj sou tout meday yo swa yon total 34 devan Almay ki fini ak 10 meday, Belarus gen 9 meday, la Frans fini an 4 trièm pozisyon ak 8 meday.

Kourè britanik Dwain Chambers retounen sou sikwi atletis pou l ede la Grand bretay ranpòte kous 4 par 100 mèt. talyen Stefano Baldini ranpòte maraton Eropeyen an an 2 zhè--11 minit--32 sekond. Olandè Bram Som ranpòte kous 800 mèt maskulen an pandan ke Espayòl Jesus Espana kous 5 mil mèt la. La Frans suprann la Grand Bretay pou l ranpòte kous 4 par 400 mèt relè a. Izrayelyen Alex Averbukh ranpòte so ala pèrch la. Pami meda m yo Alman Steffi Nerius ranpòte tir javelo a pandan ke Rus Lyudmila Kolchanova ranpòte so an longè a.

Kourè Britanik Darren Campbell defann refu l pou l pat patisipe nan kous relè 4 par 100 mèt ak Dwain Chambers apre li te finn ranpot̀e meday do`nan chanpyona Eropeyen an. msye di patisipe nan konpetisyon parèy ta inapropriye apre Chambers te lakoz ekip la pèdu 2 meday pou vyolasyon dopaj. Cambell te reprezante la Grand Bretay nan kous relè 400 mèt la an 2002 an Frans men li te pèdu mrday dò a an lan 2002 a ak koup Eropeyen an an Frans.

La polis an Swèd dekouvri ekipman dopaj tou pre yon otèl atlèt ki sot patisipe nan konpetisyon Atletis Eropeyen an. Yon pòt pawòl la polis di yo dekouvri sachè ki gen sereng, piqu ak likid an deyò otèl la. Polis poko lonje dwèt sou pèson.

Football

Euro Football Footbalè ki pral patisipe nan faz final Koup dEròp dè an tandèm ant la Swis ak Otrich kapab peye enpo an Swis dapre yon lwa federal. Prezidan Ero 2008 la di jwè yo dwe peye taks nan peyi dorijin yo e non peyi kap akeyi konpetisyon an.

Seleksyon nasyonal Eropeyen yo ap kòmanse eliminatwa koup dEròp dè Nasyon 2008 yo ak espwa yap figure youn pami 14 peyi ki pral rejwen la Swis ak Otrich kap akeyi konpetisyohn an 2008 yo. Mèkredi 16 Out la Zil Faroe ap rankontre ak Jorjia nan group B a. Letoni kont Masedwan nan group E a epi Bèjik kont Kazakhstan nan group A a. Kalifikasyon yo ap dure yon total 15 mwa ak patisipasyon 50 peyi ki divize an 7 group de 7 ak yon lòt ki gen 8 ekip. Peyi ki klase premye ak 2 zièm nan ap kalifye pou faz final la kap kòmanse an Jwen 2008.

Klub football angle Aston Villa anonse li aksepte òf anviwon 100 milyon dola envestisè ameriken Randolph Lerner pwopoze pou l pran kontwòl klub la. Lerner se propriyetè klub football zèpòl kare ameriken Cleveland Browns.

Aston Villa te ranpòte koup dEròp dè klub Chanpyon an 1982. Yo ranpòte chanpyona Angletè a 7 fwa ant 1894 e 1981. Aston Villa pa ranpòte oken trofe depi lè yo te ranpòte koup Lig la an 1996.

Prezidan Alman an Horst Koehler dekore seleksyon football Alman an nan yon seremoni ki te dewoule nan Palè Bellevue a. Otorite yo chante lwanj pou stil atak seleksyon an menm lè li fini nan 3 zièm nan dènye koup du mond la. Pifò jwè yo te prezan eksepte Michael Ballack ak antrenè a Jurgen Klismann. Ballack te jwe nan Chelsea nan Kardif peyi dè Galles yè Dimanch la aloske Klisman di atansyon dwe konsantre sou lòt yo nan moman seleksyon an ap pare pou jwe yon match amikal Mèkredi.

An Almay toujou Bayern de Munik byen demare chanpyona Bundersliga a apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Dortmund. Hanovre tonbe devan Werder de Brèm.

Gadyen seleksyon Alman an Jens Lehmann kap jwe nan klub angle Arsenal anonse posibilite pou l pran retrèt li apre koup dEròp dè Nasyon an an lan 2008. Lehmann deklare nan jounal spòtif alman Kicker li ta renmen retounen nan Bundersliga a apre kontra l fini ak Arsenal nan fen sezon an.

An Frans Olenpik de Marseille woule Rennes 2 a 0 pandan ke Lille danse sou RC Lens 4 a 0 nan kad 2 zièm jounen chanpyona franse a.

Prezidan Real Madrid la Ramon Calderon eksprime espwa l yap finn pa gen sèvis mitan teren Arsenal la Jose Antonio Reyes. Msye Calderon di li espere kenbe nan klub la Ronaldo ak Guti pou sezon an. Kòmantè sa a fèt nan moman Milan AC ap men-nen yon kanpay pou l ta jwen sèvis mitan teren Brezilyen Ronaldo. Antrenè klub la Italyen Fabio Capello eksprime ensatisfaksyonn nan moman manke 2 semen pou chanpyona Espayòl la louvri. Real Madrid ap louvri sezon an kont Villarreal le 27 Out.

Nan la Oland Ajax Amsterda m tronse PSV Eindhoven 3 a 1 pou l ranpòte koup Johan Cruyff la. Match sa a antre nan kad preparatif pou chanpyona football premyè divizyon Olandè a kap kòmanse Vandredi.

Klub Football Izrayelyen Maccabi Haifa ap resevwa Liverpool nan vil Kiev an Ukrè n nan kad 3 zièm tou eliminatwa chanpyona lig dè chanpyon Eropeyen an. Unyon football Eropeyen fè konnen jodi a rezon desizyon an se akoz lese frape ame ki genyen an Izrayèl ak nan rejyon an. Match la fikse pou 22 Out. Liverpool ranpòte match ale a 2 a 1.

Isit Ozetazuni Houton Dynano suprann FC Dallas ak yon viktwa tou mens 1 a 0. Kansas City Wizards woule Kolonbus Crews 4 a 0. Chiva USA suprann Chikago Fire ak yon vikwa 2 a 1. Los Anjeles Galaksi tonbe devan Kolorado Rapids 1 a 0. Samdi nan New York plis pase 79 mil fanatik te asiste viktwa 4 a 1 Barselòn ranpòte devan New York Red Bulls kap fè yon toune an Amerik du Nò. Real Madrid ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Real Salt Lake.

Tennis

Swis Roger Federer ki sot ranpòte tounwa tenis Toronto a devan Franse Richard Gasquet toujou klase kòm numewo 1 mondyal dapre dènye klasman ki publiye jodi a. Gasquet sote 24 plas pou l klase 27 tièm jwè mondyal. Espayòl Rafael Nadal menm lè li te elimine bonè nan tounwa tenis Toronto a toujou klase 2 zièm . Kwat Ivan Ljubicic, arjanten David Nalbadian, ak Mario Ancic konplete lis 5 meyè jwè mondyal maskulen an.

Bò kote meda m yo franse Amelie Mauresmo, Bèlj Kim Clijsters, Justine Henin Hardenne, Maria Sharapova ak Nadia Petrova konplete lis 5 meyè jwè tenis feminen.

Cyclisme Ullrich / Justice

Siklis alman Jan Ullrich deside depoze plent jodi a devan yon tribunal kont byolojist Werner Franke ki deklare nan jounal siklis la ta depanse plis pase 30 mil dola par an pou l achete medikaman entèdi nan spò. Si la justis jwenn msye koupab li kapab peye plis pase 250 mil dola amand ou byen pase 6 mwa nan prizon. Ullrich te ranpòte Tour de Frans la an 1997, pat patisipe nan konpetisyon an ane sa a apre òganizatè yo te resevwa enfòmasyon an Espay ki lye siklis ak yon eskandal dopaj sangen Eufamiano Fuentes.

XS
SM
MD
LG