Accessibility links

Breaking News

David Beckham pa nan Seleksyon Angle kap Rankontre la Grès


Football

Ansyen kapitèn seleksyon Angle a David Beckham pa figure sou lis jwè antrenè Steve MacClaren konvoke nan okazyon match amikal Angletè pral jwekont la Grès semen pwochè nan. Beckham te espere tounen 5 kièm footbalè angle ki jwe 100 match pou seleksyon an.

Yon lot̀ kote gadyen Alman Oliver Khan kapab jwe 500 tièm match li nan Lig football Alman an lè Bayern de Munick ap louvri chanpyona Bundersliga a fas a Dortmund. Kahn ki gen 37 tan, te debute nan chanpyona ak Karlsruhe lè l te gen 19 van. Dapre nouvèl yo Kahn, ki pran retrèt li nan seleksyon Alman an, ta dwe jwe 3 lòt sezon swa pou l egalize ou byen bat rekò Karl-Heinz Koerble te bat ak yon total 602 rankont.

Demen Samdi a Houston Dinamo ap akeyi FC Dallas. Kolonbus Crew pral fè yon kout pye lakay Kansas City Wizards. Chikago Fire ap akeyi Chivas USA. Kolorado Rapids pral mate balon fas a Los Anjeles Galaxis

Basketball

Diana Taurasi kap jwe nan Phoenix Mercury make 47 pwen pou l bat rekò ekip la bat Houston Comets nan triple pwologasyon.

Yon lòt kote Turki kale Kore du Sud 70 a 67 nan Sewoul nan kad yon match chofe jarèt avan dewoulman chanpyona du mond basketball kap kömanse O Japon 19 Out. Kore du Sud pa kalifye pou konpetisyon an. Demen Samdi a Itali ap rankontre ak Turki nan tounwa a ki reyuni 5 peyi. Etazuni ap rankontre ak Lituani Dimanch.

Tennis

Jwè tenis femine chinwa ak Bulgar Tsvetana Pironkova kalifye pou semi final tounwa tenis feminen Stockholm an Swèd. Ameriken Serena Williams te bezwen 3 manch pou l kalifye poiu kar de final tounwa tenis kap dewoule tou pre Los Anjeles gras a 3 kout rakèt li pase Slovak 1-6, 6-3, 6-3. Lòt jwè ki kalifye se Rus Maria Sharapova, Elena Dementieva ak Dinara Safina, Sèb Jelena Jankovic, ak ameriken Meghann Shaughnessy ak Bethanie Mattek 2 jwè ki pa tèt de seri.

Tchèk Tomas Berdych suprann espayòl Rafael Nadal nan 3 zièmn tou tounwa tenis dè mèt Rogers yo kap dewoule nan Toronto Kanada an 3 manch 6-1, 6-3, ak 6 -2. Swis Roger Federer kalifye pou kar de final la apre li elimne Rus Dmitry Tursunov 6-3, 5-7, 6-0. Tounwa sa a enpòte pou jwè ki pral patisipe nan tounwa tenis US Open nan.

Atletisme

Kourè Pòtigè dorijin Nijeryan francis Obikwelu tounen premye kourè an 28 tan ki ranpòte 2 konpetisyon 100 mèt ak 200 mèt youn dèyè lòt sou kontinan Eropeyen an.

XS
SM
MD
LG