Football
D.C United rache yon match nul 1 a 1 ak klub football espayòl Real Madrid kap òganize yon toune isit Ozetazuni. Antonio Cassano ouvri skò a pou vizitè yo nan 22 zièm minit rankont epi Alecko Eskandarian egalize pou D-C United nan 25 kièm minit la. Plis pase 66 mil fanatik te fè deplasman an pou al aplaudi vedèt Real Madrid yo nan Seattle Washington. Barselòn fè match nul 4 a 4 ak klub Meksiken America.
Nan lig football balonwon ameriken an New England Revolution fè match nul 0 a 0 ak Kansas City Wizards. Galaksi ranpòte yon viktwa tou mens devan Houston Dynamo pandan ke Real Salt Lake danse sou Kolorado Rapids 4 a 1
Klub football Italyen Lazio de Wòm ale an apèl kont punisyon otorite Italyen yo enpoze nan skandal magouy ki afekte football Italyen an. Lazio entèdi pou l pa patisipe nan oken konpetisyon Eropeyen epi pèdu 11 pwen nan chanpyona a. Prezidan klub la Claudio Lotito resevwa yon suspansyon 2 zan edmi pou l mele nan oken aktivite spòtif. Tribunal la kapab pran yon desizyon 25 Out. Juventus de Turen, Milan AC ak Fiorentina ki prezante dosye a devan la kou dapèl menase pou ale devan yon tribunal sivil si yo echwe devan tribunal dapèl la.
Chanpyona Alman an ap demare Vandredi ak chanpyon an tit la Bayern de Munik kap rankontre ak Dortmund Milan AC ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Etwal Wouj de Belgrad nan kad match ale 3 zièm tou Lig dè Chanpyon Eropeyen an. 50 mil fanatik te asiste viktwa Milanè yo ki figure pami 4 klub Italyen ki mele nan yon eskandal football an Itali. Klub Angle Liverpool kale ak difikilte klub Izrayelyen Maccabi Haifa 2 a 1.
Atakan seleksyon Swedaa Zlatan Ibrahimovi ap kite Juventus de Turen pou al jwe nan Inter de Milan pou yon tranfè kap koute prèske 32 milyon dola. Ibrahimovic ki siyen yon kontra 4 tran ak Inter figure pami dènye ekzòd footballè ki abandone Juventus apre Italyen Fabio Cannavaro-Gianluca Zambrotta, brezilyen Emerson, franse Patrick Vierra, Lilian Turham te deja abandone Juventus ki desann nan 2 zièm divizyon.
Atletisme
Atlèt Rus yo domine chanpyona atletis Eropeyen an ak yon total 3 an ò, 3 meday an arjan ak 2 bronz.
Tennis
Jwè tenis Ostralyen Samantha Stosur kapote ameriken Lindsay Davenport nan 2 zièm tou tounwa tenis JP Morgan nan kap dewoule nan Carson an Kalifòni. Rezulta final la 6-7, 6-4, 6-3. Lòt ki kalifye se Rus Maria Sharapova ak Serena Williams
Swis Roger Federer kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis dè mèt Rogers 6-3, 6-3. Sa fè Roger Federer 50 tièm viktwa.
Atletisme
Ajans Anti Dopaj Mondyal la mande gouvènman yo pou ogmante lut yap mennen kont dopaj ki genyen nan spò pandan yo fè konnen dènye ka dopaj yo se tròkèt la chaj la dèyè. Prezidan ajans la Dick Pound deklare yè Mèkredi a dènye ka yo detekte yo endike pwogrè ki gen nan dekouvri atlèt magouyé. Msye di plis dwe fèt akoz pa gen oken peyi ni disiplin ki ekzan. Dick Pound mande gouvènman yo pou ratifye konvansyon UNESCO ki mande pou lwa peyo yo ranfòse Kòd Anti Dopaj la. 30 peyi dwa ratifye trete a pou l vinn lwa pou kounye a se sèlman 15 peyi ki siyen trete a.
Federasyon Atletis Entènasyonal la louvri yon ankèt sou atrenè atlèt ameriken Justin Gatlin kòm suspèk ki ta vyole règleman anti dopaj yo. Federasyon an anonse jodi a ankèt la vize Trevor Gaham. Dapre nouvèl yo 6 atlèt ke Graham te konn antrene resevwa yon suspansyon pou dopaj. Graham, kap dirije Sprint Capitol USA ak yon dizèn atlèt, demanti ke li te konnen atlèt la te pran yon medikaman pou ogmante nivo testosteron li.
Sepandan msye di sanble yon masè ta aplike yon krèm ki ogmante nivo testoster̀n atlèt la sa li pa menm okouran. Menm lè otorite di Graham kapab kontinye antrene ekip atlèt yo, òganizatè konpetisyon Bèlen an anule envitasyon yo te fè bay tout atlèt ki anba kontwòl Graham. Se menm Graham sa a ki te ede otorite dekouvri, gras ak yon sereng ki te substans endetektab steroyid THG ke laboratwa Balco te konn bay yon seri de Atlèt pami yo Marion Jones ak Tim Montgomery. Koite Olenpik Ameriken an entèdi Graham utilize enstalasyon spòtif ameriken akoz enplikasyon nan zafè dopaj.