Accessibility links

Breaking News

Kèk Manm Palman Ayisyen an Vle Piblikasyon Kalandriye Eleksyon yo Tousuit


Manm Palman ayisyen an, antouka anpil ladan yo ki pale ak laprès, mande otorite elektoral yo pou yo prese pibliye yon kalandriye pou rès eleksyon minisipal e lokal yo, san bliye eleksyon pou 13 depite ak 3 senatè, dapre yon korespondans Renan Toussaint depi Pòtoprens.

Nan Depatman Latibonit la, yon gwoup gad elektoral menase pou yo sispann travay e pran beton an si responsab yo pa peye yo 3 mwa ayere salè. Jounalis Alfred Jean di nou gad yo mande tou pou otorite yo entegre yo nan Polis Nasyonal la.

Yon òganizasyon sivik fè konnen kandida yo dwe gen enfòmasyon sou fonksyònman gouvènman lokal yo. Jean Ernst Eliscar ap eksplike depi vil Okay, nan rejyon Sid Ayiti.

Anfen, responsab MINUSTAH yo nan Nò peyi d Ayiti ap miltipliye aktivite yo nan moman Konsèy Sekirite Nasyonzini an ap pare l' pou l' pwolonje manda misyon an pou yon lòt ane. Korespondan nou o Kap-Ayisyen, Yvan Martin Jasmin, gen detay nouvèl sa a.

Pou w ka koute dosye sa a sou Ayiti, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG