Lafrans ak Etazini kontinye ap chache pran tèt lòt manm Konsèy Sekirite L'ONU an pou fè pase, pètèt lendi ou madi, yon rezolisyon pou batay yo ka sispann nan peyi Liban. Sepandan, vyolans la ap fè raj e Hezbollah touye 12 sòlda ak 3 sivil izrayelyen nan weekend nan tandiske Tsahal (lame eta ebre a) fè omwen 15 mò jodi a nan sid Liban.
Diplomat 2 peyi yo te pase plizyè jou ap negosye, fè chita-tande, analize, anvan yo rive nan tèks ki devan Konsèy Sekirite a. Anbasadè fransè a nan L’ONU, Jean-Marc de la Sablière, di toudabò tèks la mande yon fen toral nan boukantay kout zam yo, sou baz 2 eleman: Hezbollah dwe sispann tout atak kont Izrayèl e Izrayèl dwe sispann tout operasyon militè pou atake Liban. Sa trèzenpòtan pou pèp libanè a ki soufri anpil tankou popilasyon nan rejyon nò Izrayèl (menmsi gen plis Libanè ki viktim).
Yon fwa batay yo va sispann, rezolisyon an mande pou ayewopò ak pò libanè yo relouvri imedyatman epi pou Liban resevwa asistans entènasyonal pou plis pase 700-mil moun ki te oblije kouri kite kay yo akòz konfli a. Anbasadè Jean-Marc de la Sablière ajoute ke rezolisyon an mande Izryaèl ak Liban pou yo apiye yon seselfe pèmannan e aksepte yon solisyon pou lontan, ki va baze sou respè teritwa 2 nasyon-yo, respè fwontyè Liban, ak dezameman tout gwoup ame yo.
Pou w ka koute yon dosye sou aktyalite a nan Liban ak Izrayèl, fè klik sou ralonj anlè tèks la.