Accessibility links

Breaking News

Lig Baskètball Ameriken an ap Oganize yon Toune Entènasyonal


Basketball

Seleksyon nasyonal basketball maskulen ameriken an trouve l O Japon kote Porto Riko 114 a 69. Ameriken yo prale an Chin kote yo pral rankontre ak Houston Rockets epi la Chin Lendi epi Brezil Madi. Etazuni prale nan Sewoul pou l rankontre ak Lituani le 13 Out epi Kore du Sud le 15 Out. Toune sa a antre nan kad preparatif kap fèt avan koup du mond Basketball kap kòmanse 19 Out O Japon.

Responsab yo nan NBA a ap òganize yon toune entènasyonal nan 7 peyi. Tounwa a ap demare le 5 Oktòb lè Filadelfia 76ers pral rankontre ak FC Barselòn epi San Antonio prale an Frans kote li pral rankontre ak Lyon-Villeurbanne. Los Anjeles Clippers prale nan vil Moskou pou rankontre ak Khimki pandan ke Phoenix Suns ap fè yon kout pye nan vil Wòm pou l rankontre ak Roma. CSKA de Moskou, ki se chanpyon an tit Europeyen an ap mate balon fas ak Los Anjeles Clippers nan vil Moskou le 7 Oktòb ak vis chanpyon Eropeyen an Maccabi de Tel Aviv ap rankontre ak San Antonio Spurs nan Berci Arena nan vil Pari le 8 Oktòb. Phoenix Suns kont 76ers yo nan vil Kolòy pandan ke CSKA ak Maccabi Tel Aviv ap tope kòn yo. Klub Turk Efes ansanm ak klub Izrayelyen Macabi Tel Aviv ap patisipe nan yon toune an Amerik du Nò.

Tennis

Sant Nasyonal Tenis Ameriken an--kote tounwa tenis Gran Shelem ameriken abitye dewoule, ap pote non jwè tenis lejandè ameriken Billie Jean King nan yon seremoni kap dewoule nan Stad Arthur Ashe le 28 Out--menm jou dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a ap dewoule.. Billy Jean King ranpòte 39 tit Gran Shelem nan karyè l pami yo 13 tit US Open nan e youn pami pyone spò feninen ak egalite sèks Ozetazuni.

Football

Atakan Arjanten Javier Saviola anonse entansyonn pou l retounen jwe nan FC Seville kote li tap prete sèvis li. Klub Brezilyen Internacional kale klub Paragweyen Libertad 2 a 0 pou l rankontre ak Sao Paolo nan final Kopa Libertadores de Amerika a.

Final Koup Football Azyatik la ap dewoule 29 Juyè 2007 nan Jakarta an Endonezi. Konfederasyon Football Azyatik la anonse jodi a seremoni douvètu konpetisyon 16 ekip la ap dewoule nan Bangkok nan Tailand le 7 Juyè. Tounwa a kap dure 3 semen ap dewoule nan 4 peyi. 2 match semi final yo ap dewoule nan Hanoi , Vyetnam ak Kuala Lumpur nan Malezi. Kritè desizyon an baze sou enfrastruktu, sekurite, angajman pou ankouraje konpetisyon an sanbliye ak pwoteksyon dwa komèsyal yo.

Footbalè alman Michael Ballack ap kite Bayern de Munick pou l al jwe nan Chelsea apre li ranpòte 3 tit an chanpyona Alman an. Komite Olenpik Italyen an fikse 18 Out koèm dat pou l revize apèl Juventus de Turen fè apre yon tribunal desann li nan 2 zièm divizyon epi frape l yon amand 17 pwen ak pèt 2 dènye tit chanpyona Italyen an.

Tennis

Rus Marat Safin ki pa tèt de seri tounwa tenis Legg Mason nan isit Washington. Marat woule James Blake ak kout rakèt 7-6, 7-6. Lòt jwè ki kalifye pou kar de final la se Lleyton Hewitt ki te debarase l de alman Denis Gremelmayr 6-1, 6-4. Hewitt pral rankontre ak franse Arnaud Clement.

Bèlj Kim Clisjters kale Jelena Jankovie 6-4, 3-6, 6-3 nan tounwa tenis Acura a kap dewoule nan San Diego Kalifòni.

XS
SM
MD
LG