Accessibility links

Breaking News

Milan AC Otorize pou l Patisipe nan Chanpyona Eropeyen an


Football

Unyon Football Eropeyen an otorize Milan AC pou l patisipe nan chanpyona Lig dè chanpyon Eropeyen malgre eskandal klub enplike an Itali. Milanè yo ap kòmanse chanpyona Italyen an ak 8 pwen reta. Gadyen seleksyon nasyonal Olandè a Edwin Van der Sar, ki te anonse retrèt apre koup du mond la, retounen sou desizyon an pou l kontinye diskute rankont entènasyonal. Msye deja jwe yon total 113 rankont pou seleksyon nasyonal la. Objekctif match kalifikatif koup dEròp 2008 la ki dewoule nan tandè m an Otrich ak an Swis.

Franse Thierry Henry ki rekòmanse antrene pap patisipe nan match ale 3 zièm tou preliminè Arsenal gen pou jwe nan chanpyona Lig dè chanpyon Eropeyen an.. Arsenal pap gen sèvis gadyen an Jens Lehmann apre katoun wouj li te resevwa nan final Lig dè Chanpyon an fas a Barselòn

Juventus de Turen ki desann nan 2 zièm divizyon chanpyona Italyen an, vann Patrick Vieira ak Inter Milan pou anviwon 12 milyon dola-mwatyen lajan yo te peye ane pase pou mitan teren franse a. An plis de Vieira Juventus pèdu sèvis Gianluca Zambrotta ak Lilian Thuram, brezilyen Emerson ak Fabio Cannavaro.. Dapre nouvèl yo Patrick Vieira siyen yon kontra ak 4 tran ak Inter de Milan.

Klub football Izrayelyen kap patisipe nan Koup Unyon Football Eropeyen an ap jwe match yo nan la Oland ak Ukrèn pou rezon sekurite. Responsab Sud Afriken yo konfyan peyi a ap pare pou l òganize koup du mond football FIFA an lan 2010 malgre enkyetud ki genyen. Yon responsab klub football Angle Leed United kap evolye nan 2 zièm divizyon di li pral depoze plent devan federasyon football Angle a ak FIFA kont Chelsea ki sanble tap chache pran tèt 3 jwè ekip la. Responsab la di li pral mande pou pran sanksyon kont Chelsea-sanksyon tankout pèt de pwen e menm ekskluzyon nan chanpyona Europeyen yo. 2 pami jwè sa yo deja ap jwe nan Chelsea.

Tennis

Ameriken Andre Agassi tonbe fas anba nan tounwa tenis Legg Mason nan kap dewoule isit Washington. Italyen Andrea Stoppini ki klase 246 zièm jwè mondyal ki kale se fe ameriken ak 2 kout rakèt 6-4, 6-3. Britanik Tim Henman kale anba redu ameriken Phillip King 6-7, 6-3, 7-5. Malerezman Tailandè Paradorn Srichaphan tonbe devan Danwa Kenneth Carlsen 4-6, 7-6, 6-3. Franse Sebastien Grosjean pran yon move kanè nan men Sud Afriken Wesley Moodie 6-4, 3-6, 6-3.

Bèlj Kim Clijsters ak franse Mary Pierce ap debute nan tounwa tenis Acura Classic la jodi a nan Kalifòni. Clijsters ap rankontre ak Ostralyen Samantha Stosur pandan ke Pierce pral mate balon fas a Otrichyen Sybille Bammer.

Natation

Najè ameriken Brendan Hansen bat pwòp rekòl nan kous 100 mèt la nan okazyon chanpyona ameriken kap dewoule nan Irving an Kalifòni. CN-12 OLYMPICS IRAQ Komite Olenpik ameriken an siyen yon kontra pou ede atlèt Irakyen yo prepare pou pwochen je Azyatik yo kap kòmanse 1 Desanm juska 15 Desanm nan Doha, Katar ak je Zolenpik Peken yo kap kòmanse soti 8 pou rive 24 Out 2008. Dapre nouvèl yo komite olenpik ameriken an pran angajman pou l jwen kote atlèt ak antrenè Irakyen yo kapab antrene isit Ozetazuni--yon asistans Etazuni te deja bay atlèt Irakyen yo avan dewoulman je zolenpik Atèn 2004 yo.

Atletisme

Kourè Ongwa Gabor Dobos kapab radye avi apre li pa pase yon tès anti dopaj 27 Me pase dapre Federasyoon Atletism Hongari a. Dapre yon radyo nan peyi a Dobos sanble ta gen yon wo nivo testosteron menm situasyon 2 atlèt ameriken ap fè fas Floyd Landis-chanpyon Tour de Frans la ak chanpyon Olenpik 100 mèt ameriken Justin Gatlin.

Boxe

Boksè Japonè Koki Kameda ranpòte tit vakan Asosyasyon Konsèy Mndyal Boks la kotegori mwens 49 kilo fas a Venezuelyen Juan Landaeta nan Yokohama Japon. Veneuzelyen an te domine rankont depi nan kòmansman e menm lage Japonè a 2 pye long sou tapi a. Nan fen rankont la Japonè a pat kapab kenbe konpa a. Sezisman 2 sou 3 juj yo bay yon rezulta kal jwen boksè Japonè a. Viktwa ki amelyore palmarè boksè Japonè a ak 12 viktwa 0 defèt.

Ayiti ranpòte 8 meday nan Je Sant Amerik ak Karayib nan yo nan Cartagèn. Prezidan Federasyon Judo ayisyen an Ernst Laraque di nou Kuba se te youn nan defi judoka ayisyen yo te genyen.

XS
SM
MD
LG