Accessibility links

Breaking News

Minis Jistis Ayisyen an, René Magloire, Defann Liberasyon Ansyen Premye Minis Yvon Neptune


Mr.René Magloire justifye liberasyon ansyen premye minis ayisyen Yvon Neptune otorite ayisyèn yo libere jedi 27 jiyè 2006 la. Msye Neptune nan prizon depi plis pase 2 zan pou swadizan enplikasyon li nan sa yo rele "masak La Scierie a", nan vil Sen-Mak, kèlke jou anvan ranvèsman gouvènman Jean-Bertrand Aristide la an fevriye 2004. Mr. Yvon Neptune demanti akizasyon sa a. Yon lòt kote ansyen chèf gouvènman Pati Lavalas tap obsève yon grèv grangou pou l' ka jwenn liberasyon li--grèv grangou ki afekte sante li anpil.

Rotchild François jr. korespondan Sèvis Kreyòl la nan Pòtoprens ap devlope tèm sa pou nou nan ralonj ki sou tèt atik la.

N.B:Pou devlopman lòt nouvèl kap fè aktyalite a an'n Ayiti ale anba seksyon ki make Audio, agòch paj wèb Sèvis Kreyòl la, e fè yon klik sou pwogram nou vle koute a.

XS
SM
MD
LG