Accessibility links

Breaking News

Nouvo Chanpyon Tour de Frans Ameriken Floyd Landis Kapab pèdu Tit la


Cyclisme

Nouvo chanpyon kous bisiklèt Tour de Frans la Floy Landis nan pwoblèm apre li te teste pozitif pou wo nivo testosteron. Landis, ki resevwa yon suspansyonpwovizwa, di li inosan pandan li espere lap gen chans pou l prouve li pat pran dròg pandan konpetisyon an.

Je Zolenpik

Òganizatè Je zolenpik Lond 2 mil 12 yo selebre 6 zan selebrasyon avan dewoulman je zolenpik yo. Yè Jedi a te koenside ak fen 21 jou vwayaj nan tout peyi a pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans je yo. Vwyaj la kouvri 5 mil 300 kilomèt ak arè nan 65 andwa nan la Grand Bretay.

Football

Gen posibilite pou Juventus de Turen ak Inter de Milan siyen yon akò pou transfè footbalè franse Patrick Vieira dapre jounal Italyen Gazetta dello Sport--yon transfè ki kapab koute plis pase 12 milyon dola. Juventus de Turen prale an apèl devan komite Olenpik Italyen an apre yon tribunal desann yo nan 2 zièm divizyon ak yon penalite 30 pwen de reta.

Tiraj osò tounwa preliminè koup dè chanpyon Europeyen dewoule jodi a ak Milan AC ki kapab rankontre ak Etwal Wouj de Belgrad ou byen klub Irlandè Cork. Otrich de Vyèn kont Benfika de Lisbòn. Klub Alman Hambourg kont klub Espayòl Osasuna figure pami rankont preliminè ale/ retou kap kòmanse 8 a 9 Out. Match retou a fikse pou 22 e 23 Out.

Lòt rankont klub football angle Liverpool gen pou l rankontre ak klub Izrayelyen Maccabi Haifa. Yè Jedi a Unyon Football Eropeyen an mande Izrayèl pou l garanti sekurite epi fè plan pou match la jwe nan lòt peyi. Sa gen 2 zan otorite yo te leve entèdiksyon yo te enpoze kont Izrayèl men rankont yo sèlman otorize pou jwe nan alantou Tel Aviv sèlman.

D-C United ap jwe an deplasman lakay Reyal Salt Lake demen Samdi a--pandan ke preparatif yo ap kontinye pou ayisyen Jean Philippe Peguero transfere soti nan New York Red Bulls pou l al jwe nan klub Danwa Brongbi. LATAM Games Judoka ayisyen Variotho Tibert ranpòte yon meday darjan nan Je Sant Amerik ak Karayib yo kap dewoule nan Cartagene an Kolonbi.

Tennis

Jwè tenis Arjanten Agustin Calleri ak espayòl Fernando Verdasco kalifye pou semi final tounwa tenis kap dewoule nan Kitzbuehel an Otrich. Calleri te bezwen 2 manch pou l elimine konpatriòt li Gaston Gaudio 7-5, 6-0 tandiske Verdasco woule ak kout rakèt Ekwatoryen Nicolas Lapentti 6-4, 6-4.

XS
SM
MD
LG