Accessibility links

Breaking News

Satisfaksyon Nan Nivo Gouvènman Ayisyen an Pou Rezilta Konferans Donatè Yo


Konferans ekonomik entènasyonal ak Devlopman sosyal sou Ayiti ki dewoule madi 25 jiyè 2006 la fini sou yon nòt satisfaksyon pou dirijan ayisyen yo ki di repons yo jwenn nan depanse esperans yo. Vrèmanvre, peyi donatè yo pwomèt repiblik karibeyen an yon anvlòp 750 milyon dola yo va debloke sou yon peryòd 15 mwa pou ede Ayiti rebati enfrastrikti ak enstitisyon-li, amelyore ekonomi an e kreye travay nan peyi a. Premye minis Jacques Edouard Alexis presize lajan sa a pral koumanse debloke apati mwa Out kap vini an. Chèf gouvenmen ayisyen an di tou genyen yon lòt Konferans donate ki dwe dewoule nan kapital espayòl-la, Madrid, anvan fen ane a.

Yon lòt kote, patizan ansyen rejim Lavalas èks prezidan Jean-Bertrand Aristide la nan sudwès Ayiti menase pou yo deklannche ''operasyon pa ka tann ankò a'' pou jwenn liberasyon manm ansyen pouvwa a ki nan prizon, arestasyon ansyen premye minis pwovizwa Gérard Latortue ak retou lidè ekzile yo a. Se dezyè menas sipotè Jean-Bertrand Aristide yo fè nan mwenske 1 semèn. Yo deja lanse menm typ menas sa a nan rejyon santral peyi a. Jiskaprezan, otorite yo nan Pòtoprens poko janm reyaji sou menas sa yo.

Ale sou ralonj ki anlè atik sa pou'w ko4te repòtaj ki mache ak tèks sa a.

XS
SM
MD
LG