Accessibility links

Breaking News

Footbalè Juventus yo Kontinye ap Abandone Klub la


Football

Klub football Espayòl FC Barselòn konfime yo jwen sèvis defansè seleksyon franse a Lilian Thuram pou 2 sezon ak Italyen Gianluca Zambrotta pou 4 tran--2 jwè ki te konn jwe nan Juventus de Turen kap desann 2 zièm divizyon Italyen an pou magouy. Akò ki konklu yè Jedi a nan vil Turen an Itali koute plis pase 14 milyon dola pou Zambrota epi plis pase 5 milyon dola pou Thuram. 2 vedèt yo ap kòmanse aktivite ak klub Catalan an 1 Out nan okazyon yon toune Barselòn ap fè O Meksik ak Etazuni juskavan debu chanpyona espayòl kap kòmanse 27 Out. Franse Patrick Viera ap kite Juventus de Turen pou l al jwe nan Inter de Milan dapre yon antant 2 klub Italyen yo jwen--transfè a ap koute plis pase 13 milyon dola. Ekzòd sa a ap fèt apre yontribunal Italyen pran sanksyon pou desann klub la nan 2 zièm divizyon apre skandal magouy ki frape football Italyen an.

Federasyon football Japonè a nonmen ansyen seleksyonè Yougoslav Ivica Osim kom nouvo antrenè seleksyon Nippon an nan plas Brezilyen Zico ki demisyone. Osim ap fè premye tès li le 9 Out nan okazyon match amikal ant Trinidad and Tobago ak Japon avan yo akeyi Yemen le 16 Out.

Se jodi Vandredi a federasyon footbal Sèbi a prezante nouvo antrenè seleksyon an espayòl Javier Clemente ki siyen yon kontra 2 zan. Sèbi, kap prepare pou patisipe nan eliminatwa koup dEròp dè Nasyon an, trouve l nan group A a ansanm ak Potugal, Azerbaijan, Polòy, Beljik, Findland, Armeni ak Kazakhstan.

Bernard Lama non-men kòm antrenè seleksyon nasyonal football Kenya a ak objektif pou l ede seleksyon an kalifye pou faz final koup dAfrik dè Nasyon 2008 la ak koup du mond football Afrik du Sud an lan 2010. Kenyan yo ap jwe premye match kalifikasyon CAN 2008 la fas a Eritre le 2 Septanb avan yo rankontre ak Angola an Oktòb.

Basketball

Denver Nuggets siyen yon kontra 6 zan ak basketè Brezilyen Nene pou 60 milyon dola. CN-11 WOMEN’S TENNIS CINCINNATI Ansyen numewo tenis mondyal feminen an Serena Williams kalifye pou kar de final tounwa tenis Cincinnati a apre li pase konpatriòt li Bethanie Mattek 2 kout rakèt 6-3, 6-1. Jelena Jankovic elimine Maria Elena Camerin 6-4, 6-4.

Tennis

Ameriken James Blake kalifye pou 4 trièm tou tounwa tenis RCA a gras ak yon viktwa supriz yo ranpòte devan Wesley Whitehouse 6-7, 6-3, 6-4.

Natation

Najè chinwa Wang Feng He Chong ranpòte meday nan chanpyona du mond natasyon kap dewoule an chin.

Cyclisme Tour de France

Siklis Italyen Matteo Tosatto ranpòte 18 tièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la. Espayòl Osca Pereiro toujou konsève mayo lidè jeneral la nan moman manke 2 jou pou konpetisyon an fini.

XS
SM
MD
LG