Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Vyolans:Yon Demi-Douzèn Moun Pou Piti Pèdi Lavi yo


5 moun pou pi piti mouri e plizyè lòt blese nan yon seri zak vyolans ki makonnen ak fenomèn ensekirite a nan peyi Dayiti. Vyolans sa a tanmen depi mèkredi apre midi lè eleman ame te tonbe tire nan zòn Site Solèy (pi gran bidonvil nan antre nòwès kapital ayisyen an, Pòtoprens, ak nan katye ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a, sou wout Mayi-Gate. Nan jounen jedi 20 jiyè a ankò nèg ame otorite yo pa idantifye boukante kout zam avèk twoup Nasyonzini yo (Minustah) nan kapital la. Nouvèl yo pa siyale blese ni ka lanmò nan akwochay sa a. Nan yon lòt zak ensekirite, enkoni fè dapiyan sou yon anplwaye ayisyen anbasad ameriken an pandan li tap sikile nan yon machinn misyon diplomatik Etazini an. Fenomèn ensekirite a touche tou pwovens lan, pi ekzateman vil Gonayiv, kote yon polisye pèdi lavi l e yon sivil blese.

Yon lòt kote, 2 misyonè eleman ak zam te kidnape nan peyi Dayiti jwenn liberasyon yo jedi dapre sa Ajans Surete Federal Etazuni-an, FBI, anonse. Pòtpawòl FBI Judy Orihuela presize nan vil Miami “ kidnapè yo libere Tom Barron ak William Eugene--- 2 sitwayen Eta Kawolinn Du Nò, apre yo te touche yon sòm lajan”. Men Orihuela pa presize konbyen kòb ravisè yo resevwa ni li pa endike kondisyon sante misyonè yo ke bandi te kidnape pandan yo ta prale legliz nan kapital ayisyèn nan. Nan yon premye tan, ravisè yo te reklame 500 mil dola ameriken pou libere otaj yo, men dapre yon responsab Nasyonzini, yo te fini pa bese sòm nan apre negosyasyon avèk FBI.

Pou plis presizyon sou nouvèl sa yo ale sou ralonj ki anwo atik sa a e koute repòtaj korespondan Rotchild François Jr. ak Alfred Jean.

XS
SM
MD
LG